Mak, premye bagay poun ta fè fòn ta gen pwòp...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 5609

Mak, premye bagay poun ta fè fòn ta gen pwòp politik pa nou, pa sa loksidan dikte nou. Fòn ta refèt mantalite nou net. Fon ta retabli pwodiksyon agrikòl, enveti lan agro-endistri.

Eskew konnen meriken te fout menm pye kokoye nou maladi poul touye yo?

Se yo ki fini ak elevaj entansif poul avèk mangous yo te mete pou manje poul nou yo epi se yo ki te detwi kochon nou yo ak zafè pepadepp.

Fòn nou ta koumanse manje lokal, sa vle sispann enpòte sa nou k pwodi.

Gen ayisyen ki enpòte men konfiti, alò ke konfiti poa nou yo pa kamarad vye bagy chimik yap enpòte ya. sispann manje kòn fleks alò ke nou gen bon mayi natirel, bannan pwason pou kraze lematen.

Sispann achte machin de liks e limite menm nonb machin òdinè pou nou òganize bon jan transpò ankomen.

Fò aysyen sispann fè konsome bagay ki twò chè pou ekonomi nou. Alò si nou fè sa apre youn dizèn lane nou ta ka koumanse gen mwayen vag sou lajan madichon bank mondyal ak fmi, na va sispann pêye yo pase yo pap ka pran sanksyon bloke peyi nou ankò puiske nava geneyn youn ekonomi adapte a tip de peyi ke nou genyen yan. Mpa di pou viv lan lakras non men viv san depans initl.

Nou ka viv fre e byen sann pa depanse tout lajann lan bagay chè peyi etranje ki drennen tout ti deviz peyi ale.
A pita siw vle.

Janjan, January 10 2008, 11:43 AM

Topic: Sidelining the World Bank and IMF

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Janjan, nou konnen ou; ou pa bezwen change nom ou chak fwa ou poste yon bagay. nou rekonet ou nan fason ou ekri. Ou se... read more >
Mak Truck, 10-Jan-08 5:00 am
Mak, premye bagay poun ta fe fon ta gen pwop politik pa nou, pa sa loksidan dikte nou. Fon ta refet mantalite nou net... read more >
Janjan, 10-Jan-08 11:43 am
Janjan, sak passe? Monche ou di trop verite la Ou konnen jan fre nou yo pa renmen sa! men tout fwa fok verite pale. En... read more >
Mak Truck, 11-Jan-08 10:24 am
Monche mak, se tou letwa pou inisye lan youn politik global de relevman peyi ya. Men pou sa rive, fok gen youn bon... read more >
Janjan, 12-Jan-08 2:17 pm
Flate peyi etrange, se yonn nan problem lide nou yo. A vre di proveb franse-a di konasa "qui finance commande". Sa se... read more >
Mak Truck, 12-Jan-08 3:58 pm
We did not understand your message. We have no comments. read more >
Lionne Club, 12-Jan-08 7:25 pm
Lionne Club, sorry if you could not understand the post. I was saying this " pleasing,or flattering foreign powers is... read more >
Mack Truck, 14-Jan-08 3:34 am
My answer is petroleum extraction, commercial sugar and coffee and cacao production. Commercial mangos, oranges... read more >
Lionne, 14-Jan-08 2:04 pm

 

< Previous | Home | Next >