Prezidan Preval pinga ou bliye

< Previous | Home | Next >

Prezidan,

Mwen ta renmen konnen pou kisa ou ap pèsekite pèp la konsa.

Se pèp la ki te vote pou wou, lè bann moun boujwa yo te soti pou anpeche wou monte kòm prezidan se pèp la ankò ki te pran lari mobilize pou fè yo respekte vòt li te fè pou wou an...

Prezidan Preval, apre de zan bout di tranzisyon an, pèp la te konte sou wou anpil anpil men jounen jodi-a, sa ou ap fè la-a se dekouraje ou ap dekouraje l...

Ou chwazi asosye ak lenmi l yo. Yon peyi ki deja chaje gen twòp chomaj pou w kapab fè blan ak boujwa ki bezwen peze souse plis toujou plezi, ou deside wap chache pawòl pou w voye plis moun nan chomaj toujou.

Prezidan, se pa konsa pawòl la te pale non. Pèp la swe pou wou se pou li pou w chanje chemiz.

5 jiyè ki pral rive la-a, pral fè de zan depi Minustah sou presyon moun boujwa yo te rantre nan bwa nèf site solèy al masakre pitit pèp la. Fanm mouri, ti moun mouri, yo te touye nan kad sa yon gwo militan konsekan Dread Wilmer.

Kilè nou ap jwenn jistis pou vanyan gason sa-a

Lm, July 3 2007, 11:33 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Bonjour mr Preval Mr le president etant donne la dette externe du pays s,eleve a combien milliard de dollarsUS.Car la... read more >
Vladimir Alectus, 3-Jul-07 4:01 pm

 

< Previous | Home | Next >