LA Vi Moun pa Jwèt 3

< Previous | Home | Next >

*
PALEM KONSèY PALEM...

!
PALEM KONSèY PALEM...

!
&#928;&#913;&#923;&#917;&#924; &#922;&#927;&#925;&#931;&#9117;&#936; &#928;&#913;&#923;&#917;&#924

Pa: Christonardeni
Christonardeni
*
In Memoriam:
Adrien Joseph Frédéric (La Fleur )
Adrien Wébert ( OBADYA )
Nord Jean Claude-Claude Silvio C.-
Hilaire Vidal-Lindor Brignol-
Roselyne Vaval
Roche Jacques-Raymond Claude-
Dominique Léopold Jean-
Erve Villard-Le Rouge Alexandre-
Villard Desmard-Adrien Antoine-
Beaulieu serge-Alix Joseph-
Vincent Jean Marie-Théodore René-
Dessource Natacha-
*
Dedikas pou: René Gracia Préval
*
LLanbisyon Tèt Nasyonn kaze'n lòlòj gaye
Nanw pouvwa pèp bay prim " Gabèl " san gad Anyèl
Apre viktwal kont machann peyi degize
Nanw arèn vòt demokratik legalize
Poul ta konn Chèf ki pi bon Klèk nan tèt Gadyèl
Konplotè entènasyonal vle met baye

Danmijann grann Charit pa plen ak lèt kaye...

!
Boutèy Sòlèy plenw tafya La Fosèt pouw Tyèl...

!
Palem kote nap pran ak Ayiti souple
Nanw degizman pakoti bidjèt chich kouple:
Krich Mimoz pa demi Jakmèl ak siwo Myèl...

!
Ja Loredan Ench pa prèt yon ka Wonm taye

Sak bann dwa fè machandaj sou tè lakaye...

Toyo Drapo Patrim...

Twòn sèl vizyonm pou Syèl...

San deranjman leta...

Kaponnay lamitye...

Konze " kidnapè "patripòch pa'p eritye
Jou peyi rich kanpe'n Zam Batayon pouw Dyèl
Kot pitimi san gadòn pral tanse'n Saye

Sam pa'p vin dim peyim pou piyay nanw laye:
Jal Titon konw moun wa di so chwal pete Fyèl...

Menm jan ak Jwazil trèt palman manke misye...

Bon levasyon fanmil bal ran Gran Inisye...

!
Mèt Sasin kab envite doktèl pouw pa'n Byèl
Kot ankadremanl Nanòt fonn Pyè plonl gaye...

*
Batay Vètyè toufe'n lògèy blan anpaye
Pou Zantray peyin pa dechèpiyel Fòs Fyèl
Ravin-a-koulèv kab mate pouw ale mye
Souw Zile N'libere ak jeni Jak premye
Konpasyon jefòn pouw Kòz lafen rann Aktyèl
Kolisyon politik karaktèl emaye

34;Rele bare Pwovens: Tout vis mache gaye...

! "
( Koneksyon anbasad souke'n pousyè pen Syèl...

)
Listwa'n Kanpe'n Djanm Pòtoprens...

Le mond boukle...

( " Sak bay trèt dwa met zam larepiblik Sou Kle...?

" )
Fòs piblik detwonnenn Gaj letranje djòb Vyèl...

Trèv Grèv Fanm Latibonit Baz Resous Paye...

*
Grangou Leve'n nan deng Zèv Zòdis Zizaye...

Tantasyon twoup planke'n kontrebann abityèl...

Se twòp atò: "Ayisyen kabann nou sekwe...

! "
Fòse'n afwonte lanmò pou kwele kwe kwe
Bann angajman pou Jenerasyonn venk kiryèl:
Palem sa " G.L.O.U.T.S. " bay peyim " MISYON " detaye...?

Christonardeni
Christonardeni
&#935;&#951;&#961;&#953;&#963;&#964;&#959;&#957;&#945;&#961;&#948;&#949;&#957;&#953;

24 Jen 2008
43th steeet/1th Av
Man Hat Tan, New York.USA
Enprimati: Adrien chenet ®©
Imprimatur: Adrien chenet ®©
Otè: Christonardeni/ Adrien Chenet ®©
chenetadr at Yahoo.com
Otantifikasyon: Adrien Chenet ®©
Authentification: Adrien Chenet ®©
Tout Dwa Rezève ®© MMVIII
Copy Right ®© MMVIII

*

Adrien Chenet Christonardeni, February 20 2009, 8:28 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >