La Vi Moun pa Jwèt 4

< Previous | Home | Next >

*
TANDEM KONSèY TANDEM
TANDEM KONSèY TANDEM
&#932;&#913;&#925;&#916;&#917;&#924; &#922;&#927;&#925;&#931;&#9117;&#936; &#932;&#913;&#925;&#916;&#917;&#924;
*
Pa: Christonardeni
Christonardeni
*
In Memoriam: Adrien Joseph Frédéric (La Fleur)-
Adrien Wébert ( Obadya )-
Dupervil Gèrard-
Bazile Charitè-
Adrien Souverain-
Roche Jacques-
Abdias Jean-
Joseph Alix-
*
Dedikas pou: NYPD -Com.Raymond Kelly-
UN -Cap.Sullivan Matthew-
Philbin Pat-Green Beverly-
King Stewart-
*
D Degoudi pyew ta di solèy bay mòw chalè...

Menw viktim kap chache patwonaj nanw palè...

!
Lonbray zwazo souw lantiray fèw chasè frèm...?

Bretèl soutyenw chwe rasis...

tetew piyay sèm

Deregle pase kap respè dwa diyite
Jou konfizyon bay detyong potrem layite...

Sa konsèy ap dim pouw lis nwa ki charye monm...?

( Kadre'n byen prejidis nanw abi souw bonnonm

Mezanmi sak prann yon lòt fwa ankò...

Ann wè...

!
Ayiti pa'p lagem nan menn poun fè danm nwè...

!
Pawòl lekritin vle'n sakre iminitem...

Pòtrem ce mwen menm...

Pa jwe ak divinitem

Mwen travay di san degizman soul sosyete...

Pouki fòs kouraj mwen al nan trezò " dye-Te "...?

Travay poun anrichi lèzengra: " Bòt-fon-Pòch...

!"
Pa distraksyon malere jwi nanw lwanj banbòch.
*
Siw vle kenbe sekrè bon nonw batèm sakre.

Repitasyonw lavi diran kòd fanmiw nakre.

Evite elevatè Nouyòk pouw antrav...

!
Mal kou femèl piti kou gran kab kwòk antrav

Santimanm fristre twòp lè " Dwa de Lòm " bite
Nanw moman klas ak ras souw treto ap lite.
Lonè pèp angajem nanw kadans Lwa kat fouk.
Pa mandem pouki viktwam derasinenw chouk

Nanw peyi lajan bare'n wout entimite
Kè diplomasi bra terè limanite
Glwa lanmò lagè ranmase sou tèt zanmin
Dedouble estim " relyasyon " menm nan fanmin.

*
Ideyal moun pase'n kap konfizyon danje
Enterè konba lavi egzije'n ranje
Lis nwa poul kandyanwou zòt gadinen pou zew...

( Sonje danno kreyòl Ayisyen kab wouzew

Dezagreman trap lanbisyon bay boujouw ne...

Maton tribinal pa'p rive detenn bout ne
( Demolisyon baz karaktè ti nèg...

?)
Sekrè rasis manipile tansyon nan pèg.
*
Kwèm benyen lonbrik kache sosyete kòb fè
Fov dekorem lanmoum apre lavaj bòk fè.

Kolizyon karaktè banim " Angajmanm " zèl.
( Tantasyon " Poud " kòripsyon bay foub sèvis zèl

Fòn veye pou plim chat nou pa ret nan bale
Piston revizyon ak plim cheve tèt kale
Gèn itilize nanw melanj nanm nasyon k' pann
Zanj Pèp wouze bay konsèy pouw moman defann.

*
Blan ak Nèg bati rezèvwa dlo pwasonn fye...

Nèg kouple cheval ak bourik trenn Blan defye...

( Domaj la lwa lajan kab bafwe vòt Atis...?

)
Jouk devwa kadre'n tren blan karapas jistis.

*
Saw moun kab dim poul moutrem mwen te toubib kle
Nan anyen kap jistifyem nonm lis nwal' boukle...?

Abitrè pa'p bann gany nanw politik kat ras...

Li pa twò ta poun prevni chat trennenn bat ras..

*
Anba pye pèp resous fèb pouvwa chich twoke
Resesyon pa kaskèt patizan chèf kwoke
Sou do koutizan administraksyon kwil sèk
Nanw demokrasi klòch ak mato jistis sèk....

*
Pi bonè se granm maten pou jwèn pa glise
Ankadrem rezolisyon pouvwa pa'p plise
Poun prevni dereglemann viktim jounalis...

( Sekiritem kòm jounalis pa chwal Malis

Christonardeni
Christonardeni
&#935;&#951;&#961;&#953;&#963;&#964;&#959;&#957;&#945;&#961;&#948;&#949;&#957;&#953;

2 Jiyè 2008
Nostrand Av.
Brooklyn, Nouyòk, USA
Enprimati: Adrien Chenet ®©
Imprimatur: Adrien Chenet ®©
Otè: Christonardeni/Adrien Chenet ®©
chenetadr at yahoo.com
Otantifikasyon: Adrien Chenet ®©
Authentification: Adrien Chenet ®©
Tout Dwa Rezève: MMVIII
Copy Right: MMVIII

*

NB: Ak tout bon konpliman koutwazi plis respè sensè otèa ...pou :

Adrien Chenet Christonardeni, February 20 2009, 8:32 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >