Bonswa Mesye, Mwen konprann fristrasyon anpil aysyen ki nan...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 6842

bonswa Mesye,
Mwen konprann fristrasyon anpil aysyen ki nan menm sitiyasyon ak Boulos.

Men mwen konstate ke tout peyi ki gen èstabilte se peyi ki gen anpil rèspè pou la lwa.

Yon bon ayisyen pa dwe ankouraje vyolasyon lwa nan pwop peyi li.Si peyi d Ayiti pa janm konnen pwogrè ak èstabilite se paske nou pa janm serye nan aksyon ke nap poze. Sa fè okenn lot nasyon pa respèkte nou. Si gen moun ki deside fè respekte la lwa nan peyi a. fok nou ankouraje sa. La loi est dure mais c'est la loi.
Lé yon konstitisyon pa reponn a bezwen yon nasyon yo dwe amande-l. Se sa ki fèt nan tout peyi. Nou pa dwe viole-l. Se sa ki pou fè yo respète nou. Si peyi kote nap viv yo, peyi kote anpil moun santi yo fiè pou yo pote paspo yo, pat konn respèkte lwa lakay yo, nou patap renonse a nasyonalite nou pou yo. Annou rèspèkte lwa peyi d'Ayiti men jan nou respèkte lwa peyi kote nap viv yo. Mèsi.

Ti Jas, March 21 2008, 8:37 PM

Topic: Double Nationalite think again

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

bonswa Mesye, Mwen konprann fristrasyon anpil aysyen ki nan menm sitiyasyon ak Boulos. Men mwen konstate ke tout peyi... read more >
Ti Jas, 21-Mar-08 8:37 pm
Letter dated March 21, 2008 Claimed Senator Boulos did not resign: Click to Message at the end. Senator Boulos was... read more >
Thomas, 22-Mar-08 2:00 am

 

< Previous | Home | Next >