Réffugiée Haïtian en France

< Previous | Home | Next >

Bonjou Mr prezidan preval jodi a se you jwa ak you tristès pou mwen ekri ou lèt sa a antanke ayitien izole .mwen se you animatè ki fome nan sant peyizan papay ki tap travay nan mouvman peyzan bayonnè ako peyia ki pat bon vi mwen te menase mwen te oblige pati kite peyi a15 Oktob 2005 mwen te rive an frans mwen te esplike otorite peyi a rezon ki fè mwen vini lafrans yo te aksepte ban mwen you papye refigie pou mwen ka rete nan peyi a jiskaske peyi mwen, chanje.

Men bi prensipal la se paske mwen gen you fanmye ayiti poum fè vini jwen isit lafrans.

Otorite yo deja reponn mwen men se moun yo mete kap travay nan anbasad la kap mwen chen se depi an avril mwen peye viza pou fanmye lan yo pa vle ba yo viza a yo vle fè santi oken ayitien pa gen idantite.

nou menm ki nan peyi etrange nap panse avek la kay nou mwen tarenmin pou fè entèvansyon nan dosye apoumwen oke mesi mon prezidan.

Map tann repons.

Saint Louis Geffrard, January 9 2008, 4:11 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >