Bonswa Mesye Prezidan Préval

< Previous | Home | Next >

Trè chè prezidan, M. René Gracia Préval,

Kòman'w ye?

Jodi-a m'santi'm gratifie dèske'm jwenn posiblite sa-a pou'm ekri'w ti mesaj sa-a, men se avèk anpil lapènn tou nan kèm paske'm konnen preside yon peyi kin an eta malonèt sa-a pa fè e pa kab fè plezi ak yon prezidan tankou'w. Mesye prezidan ou pa konnen'm men m'konn gouvènman'w- lan ak prèske tout pèsonè ou-yo.

M'konnen ke responsablite'w kòm prezidan se pa yon bagay ki fasil ou ki ap janm fasil, men si sèlman w'pran Bondye kòm vrè lidè'w ebyen wap jwenn yon solisyon dirab a pwoblèm nou-yo an Ayiti cheri nou-an. An fè kite'm di'w ke m'se yon ayisyen ki fèt an Ayit a tigwav men ki anfen grandi Ozetazini e kit e toujou ap swiv evolisyon system sosyal nou-yo san manke.

Pa kont m'fè lekòl mwen-yo nan gran kote ozetazini men se pasa ki banm fyète'm, men se paske'm fèt an Ayiti; kòm'te toujou di ni nan Havard, Princeton University etc...

ke Ayiti se vil gran Rwa-a e m'kwè ke lemond antye preske finn konnsa.

Trè chè prezidan'm nan si nou ta rankontre m'kwè ke nou tap jwenn anpil solisyon dirab pakonsekan n'toujou ap di ke papa pati nou-yo kite endepandans pou nou ebyen pitit nou-yo va di ke nou kite yon vi de: fòtinn, trankilite pezibilite e jwa etc..

m'garanti'w Mesye Prezidan ke nou ansanm gen deja jwenn solisyon kote ke nou tout pitit tè-a ka di: Ayiti pap peri. Trè chè konpatryòt ak nou Ayiti pap mouri petèt san nou li ka mouri.

Finalman se yon gran plezi pou'm te pwofite okazyon sa-a pou'm te ekri'w pandan ke m'wete'w jwenn lèt-sa e repos'ou de lèt sa-a va itil pey-a nan yon dire indefini paske nou gen 204 ak endepandans zansèt nou-yo te kite pou nou men kanta noumemm nap kite pou generasyon kap vini-an yon vi pozitiv nan e de tout sa ki nòmal ke yon pè ou yon nasyon pisant bezwen m'pap konpare sa-a ak etazini, men poukisa-l pakab pi sipèb ke tout nasyon ki pisant-yo e mènm Etazini.

Trè chè konpatryòt nou Ayisyen n'se yon sipèb nasyon e'm kwè n'se yon nasyon ki mansyone nan 1 Pyè4: 9a 11. Ke BONDYE beni nou, peyi nou ak tout sa kiladann depi kounye-a ak pou toutan.

Mil fwa mèsi.

Geto Lesèy

Getho Lesseille, April 14 2008, 1:07 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >