la vi che

< Previous | Home | Next >

Bonjou Mr. Presidan, Mwen se yon Ayisyèn kap viv Itali e se avek anpil angwas nan ke'm ke mwen aprann sityasyon pep Ayisyen nan semèn ki sot pase a. Kò'm mwen deja di yon zanmin kap viv Ayiti.

Manifestasyon violan, deblosay, Krase brise pap chanje pwoblem Ayiti o kontrè.

Paske si yon pwoprietè magazin ou supermache subi yon dega manifestasyon sa yo, li pral depanse yon paket kòb pou li ranje magazin a e pou li reachte machandis yo. Sa vle di ke defisi li fè pap pase konsa, alò li pral oblije ogmante pri yo pou li ka gagne sa li pèdi. Sa ap fè tou ke ti kras etranje kap vin nan peyi pou investi pap vini ankò e li pap ka bay ti ed li.

Mwen konsyan tou ke gen yon pakèt Ayisyen kap pwofite de febles peyi a, men ala fin se pòv malere ki pral viv pi mal pase avan.
Mwen gen lontan depi mwen pap viv Ayiti, men Papi'm, Kouzin'm e Grann mwen ap viv Ayiti e mwen ta renmen yon lè pou mwen telefone yo e pou yo di'm ke yon paket bagay chanje.

Byen ke mwen di ou sa franchman, aprè 13 zan ke mwen kite Ayiti, ane pase Papa'm dim ke sekirite komanse etali nan peyi e se sa ki te fè mwen te fè visite ti peyi'm nan an jiyè pase a.

Avek posibilite e resous peyi geyen, Mr Presidan, ou menn avek gouvènman nou te dwe chache yon jan pou nou mete yon kontròl su tout bagay (mete Pep la o kouran, paske si non li pral panse ke se diktati).

Nan sans ke ou ta dwe mete yon limit nan pri tout machandis; pa eksanp mati diri dwe koute ant 20/25 gourdes (se yon pri imaginè, mwen pa konnen an realite konbyen li koute) e konsa pou tout lot pwodui yo. Pri gas se yon lot point ki gen influence su transpò, manje.

Fok ou chaje jouen meye pri d'acha posib, ki ap nan benefis peyi. Menm isit Itali pri tout bagay monte, men le yo depase yon limit, gouvenman chache touswit pran posizyon avan pep la egsajere.

Lè fini machan ki ap van nan mache kòm mache anfè ect..

ta dwa peye yon ki kob simbolik (sa depan de ki grosè komès la) pou ou ka fè travay nan mache, mete yon seri de tab, pou moun pa met manje yo a tè ya, kap pran pousye, ki pral pote maladi kay maleres.

Yon lot bagay ki pe sa pe ta dwe fèt an Ayiti se tax tout sitwayen ta dwe peye pou yo ede peyi devlope.

Men natirelman ko sa dwe rete nan kès peyi ya, se pa pou li devni yon kote ke Mesye ki nan gouvènman yo dwe mete min yo pou afè pèsonel pa yo. Men li ta dwe sevi pi ede pòv maleres ki paka manje chak jou, sante piblik, sa vle si yon ou gen yon urjans li pa dwe rete lap soufri paske li pa gen kob pou li ale lopital.

Sa ta dwe sevi tou pou yo fè rout nan peyi, pou rigol yo pa plen fatra, ou ta dwe fè yo fe rigol souteren.

Gen yon paket bagay ki dwe fèt nan peyi sa, men si avek kolaborasyon pep la e konsyans moun ki sou pouvwa ke Ayiti ka avanse.

Mwen remesye ou anpil opòtinite ke ou ban nou (Ayisyen kap viv lòt bò dlo) pou nou esprime nou.

Samile

Samile Boncy, April 13 2008, 5:14 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >