Etidyan Haitian yo pou nou chache kontrole..

< Previous | Home | Next >

An nou fe yon debat sou edikasyon Dayiti n'ap wé fe li depafini.

Sa fé twis pou nou ap gade jan student nou yo ye, jan yap pale nan televizyon ak nan radio se konm si nou ki pa edike.

Ak chak fwa student nou yo pale anpil violans fét nan peyi a. Pi bon solisyon an sa se pou leta Ayisyan pran bon mezi pou konmanse forme jann etidyan sa kap sal imaj edikasyon Ayisayn e pi mal anko imaj peyi a. Mwen kap pale a se yon etidayn mwen te ye tou, men mwen pate konn fél.Tout moun gen dwa pou yo manifeste men se pa nan vyolans.

Se pou a chak fwa etidyan sa yo ap pran lari, se pou yo kapab di police sa pou yon pi bon kontrol.

Paske mwen sispek gen dwa gen lot moun ti antre pami etidyan yo. Sa etidayn to ka fé pou evite jan de dezod sa yo. Se pou fakilte yo bay etidyan yo Card Identification le w'ap sikile nan manifestasyon.

se pou kat sa kapab tou genyen nimero student la ladan konsa le w'ap fé dezod police ka identifye si se etidyan to ye vre ou pa.
Yon mesye kanpe li di li se yon student ke li ye, li pa menm di nan ki fakilte li ye epi li fé konnin lutte la se kont police la batay se sou kanal 11 mwen te we sa. Si peyi a te gen jistis ou panse ke misye t'ap di sa. Oui Haiti gen Justice men li féb men se pou nou reforce'l pou moun sa yo kap kraze bwize nan peyi a pran gwo prison.

Konsa nap we nou gen peyi kap avanse.

Pou mwen fini mwen remake student nou pap panse pou fé Ayiti mache, yo plis kanpe sou fé violans nan manifestasyon e yo genle pa gen tan pou yo etidye leson yo.

Patrick, April 10 2008, 1:03 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >