mwen dakò ak desizyon ou an

< Previous | Home | Next >

presidan preval ou se yon moun ke mwen konnen ki gen bòn volonte si ou vle fè yon bagay pou Ayiti, ou ap fè l' tout
bon vre paske ou renmen peyi ou.Se sak fè si ou wè mwen fè jan de konmantè sa yo se pa paske mwen kont ou oudi mwens mwen genyen yon bagay kont gouvènman ou an.le problèm sèke
mwen pa ta renmen jan gagòt politik te konn fèt nan tan avan ou ou yo, mwen pa ta renmen gouvènman pa w ' site pami yo. Mwen ta renmen ou reyisi nan travay antan ke presidan peyi a.

Ou koumanse fè yon travay ki enpòtan anpil nan peyi a presidan.

A fè koripsyon an, se sèl ou menm ki kran pou fè nan trvay sa pami tout presidan ki te avan yo si mwen pa tronpe.pou afè teleco a ke ou pran desizyon pou privatize a, sa mwen ta dakò avèk li san pou san.Li te lè li tan pou te fè sa presidan.bon si ou te ka privatize lòt kèk enstitisyon li ta bon toujou.

Si ou ta wè genyen yon gwoup moun ki opoze sa konnen moun sa yo se wè yo wè yo pap kapab vòlò nan bwat leta ankò.

Yo ta renmen pou bagay yo ap mache jan yo ye a pou yo ka piye plis paske li nan avantaj yo lè li konsa.

Mesye presidan Preval pa tounen sou dezisyon sa non ke ou pran pou privatize teleco avèk ED'H la non ! Si ou ta tounen sou li, se yon gwo mistake ou ta fè.Tout tan ou pa privatize yo pa gen okenn amelyorasyon kap fèt nan yo.Si ou ta pran yon egzanp sou digicell ki pa menm gen 2 zan nan peyi a pou li gen tout abòne sa yo epi teleco ki la depi syèk pou pa ka gen menm 1000.

sèl bagay privatize yo ak moun nou ka fè konfians.Nan prefere privatize yo ak moun deyò peyi a paske yap popilasyon pi bon sèvis li merite.

Si ou jwenn yon bon moun nan dyas pora a li te ka mache.Mwen se yon jèn mwen ta renmen wè pou peyi m' mache byen paske lè lap mache byen se yon fyète li ye pou nou ki ap viv deyò a.

Presidan mwen ta renmem repons ou sou kòmantè mwen yo as soon as possible.

Thank you.

Fernando, June 26 2007, 3:32 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >