Desantralizasyon

< Previous | Home | Next >

Ekselans, mwen se yon neg peyi d'Ayiti k ap viv ant Ayiti ak nan peyi blan meriken.

Mwen resevwa fomasyon inivesite mwen kay blan an tou, konsa mwen gen yon metriz nan administrasyon piblik.

Mwen ap ekri w ti not sa pou de rezon.

1) Pou mwen fe w yon ti konpliman pou stil travay san pale ou gen lakay ou mwen te obseve depi sou pwemye manda w kom prezidan peyi nou, 2) Mwen ta renmen fe yon pledwari pou ou te ka kite yon "legasi" nan peyi a kom prezidan tan moden ki te fe pwomosyon epi enstore desantralizasyon nan peyi a. Mwen soumet ba ou prezidan si w fe sa, peyi ap vreman debloke.

Anpil moun nan lot peyi ta vle vini envesti nan peyi a men yo pa two vle ke tout bagay konsantre nan potoprens.

Ou te ka kontinye panse sou sa souple?

Bapthol Joseph, April 23 2009, 1:16 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >