pwezi kreyol

< Previous | Home | Next >

KOUDJAY
Twa fey twa rasin
Libete te boujonnen
Karabin fistibal tire
Nou danse sou kod li
Pawol glise desann
Soti sou mon anvayi vale
Tout flech se tet
Tout tet se flech
Kote moun yo?

Kote nou?

Larivye koule san desann
Vwa timoun nou yo melanje
Ak vwa zekle loray
Ougan se pip tabak
Blan yo chita nan fo n
Vwa zanset yo bwe lok
Nan vwa konze n
Kiyes nou ye?

Pipirit chante dey nou
Kolonb nouvel pote bannou
Anba fey Sabliye.

Twa fey twa rasin
Nou tonbe nou bliye
Yo ranmase n nou bliye
Nou pran kou memwa n gen twou
Nen n pran kou je n rete sek kou ke pen
Paske Sen pye ak Sen pol
Twoke pawol verite a...

Jean-benito Mercier, July 31 2008, 2:57 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >