pwezi kreyol

< Previous | Home | Next >

DEPI NAN GINEN NEG RENMEN NEG

Nou mare nan menm chenn
Soti nan Ginen rive Gore
Menm kout raso blese po n
Fle Lis pouse nan che nou tout
Bel petal soufrans...

Lavi n fe likidasyon pa dire
Sou plas piblik Nouvo Monn
Kout raso met blan
teri sou do n menm le
E zantray nou senyen menm kote
Depi nan Ginen Neg renmen Neg
Fanm nou ale kouche anba vant
Met blan menm le
E reg yo pa we lalin menm le
Nou vini papa zanfan depaman
Nan yon menm sezon.

Chwal pati ak nou nan menm direksyon
E nou te depatya menm jou, menm le
Nan menm lye

Jean-benito Mercier, July 31 2008, 3:02 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >