Me sa'm tande - 2

< Previous | Home | Next >

Son Excellence, Bonjour.

Que la paix du Seigneur regne dans votre coeur.

Moin tande ke gen yon grangou yo rele clorox ki mete pep-la nan la ri.
Moin tande tou gen ampil mange ki bloke nan douane, eske gen yon rezon ki ampe-
che-ou, President, pandan ke nou nan yon tel crize, pran yon dekre pou desann
tax ki sou mange sa-yo, pou permet met-yo pran yo. Sa se un.
Pou ki, President, ou pa ouvri yon "port" kote se sel produi Disaster releif
ki passe pa la, pandan ke ou mete suveyance pou douane formel-la et lot pati
"d'interet" pa gen "acces" la dan. Moin tande ke gen-en mange depui cyclone
Jeane ki nan douane yo. Ca se yon mepri pou moun-yo ki frape pa cyclone nan pays-a. Moin tande anplis ke gouverment gen $8 e plis sur produi alimante ka-p
soti a l'etranger, inpotate-a fe selman $1.00 et plis. Sa samble ke se leta
kap apovri comesan et comesan ap apovri pep-la, Li fe bien pou ta fe yon ti chita sou sa, President.

Moin gen'en yon organisation ki rele:Coalition Des Eglises Haitiennes Contre la
Malnutrition et la Maladie, INC. Moin pa vle comanse pou-m rete nan rout. Moin pa ta renmem oue produi'm bloke nan douane au mepri de moun yo kap soufri.

Ou konnin, President ke gen-en 3 bagay nan "DON" 1-Mounn ki fe don-an, 2- mounn
ki resevoi-l la, e 3- usage ki fe-t de don-an. Mounn ki fe don-an ap tann ke gen yon bon bagay ki realize ave-l, sitou yon bagay "durable", Moun ki recevra-l la doue prouve ke'l kab gere-l ou bien entreteni-l, Usage ki fet de li doue bay yon rezulta satisfezan ki pemet ou kap revra davantaj.

Nan plan ou gen-en pou Pays d'Haiti, Excellence, nou pa doue minimize neces-
site electricite, rout e tout lot bagay ki gen rapport ak komunikasion.

Pays-a besoin nettoye, plage nou-yo besoin netoye e nou gen besoin d'ouvrir
lot plage pou attire tourist nan pay-a, Atmosphe sante pa bon mem nan pays-a,
Excellence, nou doue conjugue jeffo pou bay pe-la dlo potable, dlo prop.

Moin kontan, President e felicite-ou, pou WEBSITE sa-a ki mete nou plu pre-ou. Ke-m soulage de ce ke moin kab pale avek ou pa ecri, Merci.

Bon courage.

Que
l"Eternel des Armees vous soutienne et vous benisse.

A SUIVRE.

Past.

Arnold Principal

Past. Arnold Principal, April 11 2008, 7:10 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >