An 2010 n ap kwaze lakay

< Previous | Home | Next >

Mwen salye ou mesye prezidan, pou tout bon travay w`ap fe nan peyi a. pandan antan ke ayisyen mwen ta renmen di kek nan sa ki nan ke`m rive nan zorey ou.pa ekzamp:kesyon anviwonman:pye bwa, mon yo fontye pwopte ak moun ki pou kembeyo an eta, an bref nou beswen yon fos lame. E ki ap patisipe sekirite ak desas natirel yo tou.
sije ase 2010 m`ap viv deyo depi le`m te fin vote mwen espere al we moun lakay yo an ete 2010.M`ta renmen jwenn kouran pou`m gade Ayiti nan koup di monde 2010 la.yon lot fwa anko felisitasyon pou sa ou sot fe pou Manno a, men gen ayisyen konsekan toujou ki merite sa tou steve brunache pa egzamp, larose pou`msitesa yo selman.

pa bliye m`ap tounen an 2010,mpa pral manje diri mayami menpito sa ki soti latibonit la, legim ki soti Kenskof, lam Jeremi, soulye,chemiz pwodwi lakay ke mwen pral achte nan mache ki pwop. Denye sa m`ap madew` tanpri trvay yon fason pou kembe tout ayisyen fye devan je tout nasyon jan zanset nou yo te fel an 1804,se te yon mirak ki te rezilta linyon ak volonte ki te komanse avek TOUSSAINT e ki te fini avek DESSALINES.Jodi a se avek RENE l`ap komanse epi tout res gouvenman k`ap vini ap toujou kontinye travay la pou Ayiti ak tout zanzet yo.Se pou limye gran met la klerew` pou bone tout ayisyen.mesi.

Mackendy Marc Jr, March 20 2008, 11:39 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >