Kuye boi al ka gammel 3 foi.

< Previous | Home | Next >

Presidan Preval, Mwen salye ou nan nom pep Ayityen Atlanta, Ga. Mwen tale we ou pou la premie foi nan Maryland.

Le ou tap ban'm la min, mwen te di ou: Excellence, Atlanta voye salye ou. Le sa, ou ban'm yon bel akolad e ou frape tet ou ak pam'm. Mwen te desan'n nan Youth Conference Center a kote ou te gin pou pale a. Yon lot foi pou inoguratyon ou a nan Katedral e nan Palais National, le'm fin'n salye e komplimante Gouvene general Canada a, Mme Michaelle Jean ki tap manje sou mim'm tab ave ou. Mwen te ba ou yon lot la min. Ansuite 18 Mai nan lakaie, mwen suiv ou nan legliz la pou ba ou yon lot la min e pou di ou Atlanta voye salye ou. Epi nan Diaspora Reconnection Forum nan (Karibe Center).

Mwen ba ou yon foto de ou mim'm e Georges W. Bush ke'm te pran sou intenet.

Ou dim'm mesi bocou.Excellence, nou gin yon ti provev Borel nan peyi manman'm ki di: Chak jou Kuye boi al ka ganmel, yon jou fok ganmel vin'n ka Kuye boi tou. Marie flor Preval konnin'm byen. Noute nan Teleco ansan'm 78-79. Presidan ou pa konin ki problem mwen tap gingnin si ou pat pase Presidan nan jou Madi ou Mecredi sa. Nan legliz nou Atlanta, Pep la regade'm kom'm politisyen paske mwen Ayiti tout tan. Mwen reellement bezoin retounin viv an Haiti.

Ki di donk, Dimanche avan ou te proklame Presidan.

Mwen min'm Lionel neg Borel te gin tan proklame ou presidan.

Min ki jan bagay la pase, legliz ta pral fini.Mwen te fon leve al pipi. Pandan Paste a ap di moun ki pral fe prie final la pou prie pou Ayiti.

Gin 2 fre ki rele'm: He, fre Vernet, nou fek pran sou intenet nan radio lumie e radio sakapfet.com ke Rene Preval elu Presidan an Ayiti.

Mwen leve min'm bay Paste a. Li kampe sevis la e li di: Min fre Vernet ap vin'n tou cho tou bouke, li gin yon bagay pou'l di. Epi la tou fe prie final la. Mwen monte che a mwen leve 2 bra'm anle. Mwen di:Fre e Se nou tap prie lontan pou delivrans peyi a. Nou met di kounie a mesi Bon Die paske m'fek apran'n ke Rene Preval elu Presidan d'Ayiti.

Pep la bat bravo ak ke kontan e tout moun'n tap ban'm la min le'm tap soti. Min le'm pral lakay nan yo ti radio Ayisyen mwen ak madan'm mwen ap tande ke se pe vre ou potko Presidan.

Si ou pa monte Presidan gin le m'tap oblije kite Alanta.

Lionel L. Vernet, November 24 2006, 10:28 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >