M'avèw

< Previous | Home | Next >

Kouman ou ye Prezidan pam nan?

èske wap kenbe pi rèd?

Mwen pa jwen-n mo pou-m ta eksprime kontantman lèm anpran-n ke wap fè bon jan travay nan peyim.

Alòske m'ap viv ozetazini e ke-m apran-n ke wap travay pou bay Jistis ayisyèn nan yon lòt figi. Sa fèm kontan anpil, paske gen twòp Jij de pè magouyè an Ayiti.

Men gen yon bagay enpòtan mwen vle di-w, fòk ou ta kale jew, mete kansonw nan tay ou paske gen anpil vye depite ak senatè kap mache mande pòs nan aparèy Jistis.

Sa pa nòmal ditou.

Se yon enjerans grav li ye. Nou ka pran kòm egzanp Depite Akayè ya (Fekyè) K'ap mache mande dyòb nan aparèy Jistis la pou nome Jij de pè Akayè.

Li te gen tan fèl yon fwa e li vle kontinye ankò.

Keksyon m'ap pozew Mesye le prezidan, èske se pè nou pè moun sa yo ki fè nou pa jan-m vle mete yo nan wòl yo?

antouka ou dwe di mo paw nan sitiasyon sa.

Mèsi anpil nèg pam. Map toujou avèw!

Jean Gerard Joseph, August 13 2007, 7:28 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >