Asosyasyon pwodiktè lèt gen Pwoblem tènan Limonade

< Previous | Home | Next >

Nou menm peyizan ki manm Asosyasyon Pwodiktè Lèt Limonad (APWOLLIM), ki pa deside fè zenglendo, ki pa deside monte bwa fouye pou n al mouri nan lanmè, ki pa deside al pase mizè nan batèy Sendomeng, ki pa deside pran zam pou fè move zak,

Nou di: zam nou se latè ! Sou tè yo, nou fè jaden, nou fè elvaj, nou pwodui lèt, pou fè pwodiksyon nasyonal la avanse.

Sou tè plantasyon Madras yo, nou fouye plis pase 35 pi, nou envesti lajan pou mete pomp, pou bay bèt yo dlo epi wouze jaden yo. Se la pwogram Lèt Agogo a te pran nesans.

Jounen jodi a, enstitisyon entènasyonal yo rekonèt Lèt Agogo se yon gwo ekzanp pou tout peyi Karayib ak Amerik Latin.

Nou di: sa gen plis pase 3 lane depi APWOLLIM ap fè demach bò kote Leta Ayisyen pou legalize prezans peyizan pwodiktè lèt yo, sou tè Leta ki nan chan Madras, nan komin Limonad, Karakòl ak Twodinò.

Malgre nou depanse anpil lajan, demach sa yo pa janm abouti.

•Sa gen plis pase 3 lane depi nou te siyen yon kontra ak Enstiti Nasyonal Refòm Agrè (INARA) pou fè apantaj tè yo.
•Sa gen 20 mwa depi INARA fin fè apantaj la epi te siyen kontra ak peyizan yo pou legalizasyon 760 pasèl tè sou 1070 ekta.
•Sa gen 14 mwa depi Minis Agrikilti a te mande Minis finans la pase Direksyon Jeneral Enpo (DGI) a lòd pou resevwa lajan fèmaj yo
•Sa gen 14 mwa tou, depi DGI derefize resevwa lajan fèmaj tè yo nan men peyizan Madras yo.
•Sa gen 10 mwa depi APWOLLIM te ekri Prezidan Preval ak Premye Minis Alexis pou mande yo regle pwoblèm nan, san bwi san kont
•Sa gen 5 mwa depi Direktè Jeneral DGI a te fè nou gwo desepsyon lè li te refize resevwa delegasyon peyizan yo.

Jis koulye a, anyen pa janm fèt nan dosye a, DGI toujou refize resevwa lajan nan men peyizan-pwodiktè yo, malgre yo gen kontra nan men yo ki siyen ak INARA.

Sa nou konstate koulye la, se grandon DGI ap voye pran tè yo nan men peyizan-pwodiktè yo.
Nou ka site Monche Novella, ki ak otorizasyon DGI, sot kraze kloti ak jaden pwodiktè yo pou apante plis pase 150 kawo tè sou menm plantasyon Madras la.

N ap mande eske se zenglendo dirijan peyi a vle pou peyizan-pwodiktè yo al fè?

Eske se zam yo vle bay peyizan yo malge y ap pale dezameman.

Eske se yon masak Leta vle ki pou fèt sou tè yo kont peyizan yo?

Nou pap janm dakò ak tout bagay sa yo !

Nou mande Prezidan Preval pou li pran responsabilite li, pou fini ak dosye sa a, pou pase DGI a lòd pou resevwa lajan fèmaj tè yo, anvan ane fiskal 2007 la fini.

Nou menm peyizan-pwodiktè lèt ki nan APWOLLIM ak tout lòt òganizasyon ki nan zòn Madras la, nou pap bay legen, viktwa a se pou nou li ye.

Fritz Joseph, Kowòdonatè APWOLLIM

Fritz Joseph, August 8 2007, 10:46 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >