re: la bonne gouvernance, une exigence

< Previous | Home | Next >

RE: LA BONNE GOUVERNANCE, UNE EXIGENCE DE L'HEURE

POLOLO

Mpa ka kont opinion ou, se demokrasi, ni gen pwoblèm ak ou

paské ou pa gen menm chwa ak mwen.

Mwen menm mwen pansé Baker byen plasé pou ganié

éléksyon an pou espérians li nan keksyon antrépriz e

politik administratif, paské sé sèl kandida, ke yon moun

paka di, ki pa janm fè anyen nan péyi dayiti.

mpa tro renmen lè yon moun ap di entel sé esplwatè ki

esplwaté pèp Ayisyen, antrépriz ap fonksyoné men pa

gran choz kom men dèv, sé jan peyi a ap fonksyoné a ki

fè sa,

M'sonjé sou Divalié gen moun ki té konn ap travay nan

factori pou 8 goud pa jou genyen seté yon dola Ayisyen

sé léta péyi a ki dwé fiksé yon pri men dèv, pou pèmèt

sitwayen péyi a travay pou peyé enpo pouki pou pèmèt

payi a fonksyoné korèkteman.

Pou mwen menm jodi a Baker se méyè,se sèl kandida ki

malgré pwoblèm ké Ayiti rankontré,ki toujou la

koté pou pèp la, gen anpil nèg kité nan menm pozisyon

ak Baker ki kité Ayiti kal fè fotine yo nan nord de la

repiblik dominikèn, nan lot péyi, men Baker pou amou kél

genyen pou péyi li Natif natal, pa janm boujé.

Tout sa ki vlé kontinié Naajé pou soti mèt kontinié,

pou mwen menm Voté Baker se Voté pou yon lot Haiti

yon vrè chanjman.

Peeter, September 28 2010, 7:43 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >