kote jan de moun sa yo prale a ayiti

< Previous | Home | Next >

3 eleman tre enpotan pou fe yon peyi se
pep la teritwa ak gouvenman
rol tout guvenman se travay pou pep la kapap byen
viv sou teritwa konsa la va gen yon vale nan mond la
men se diferan pou peyi d'haiti paske
gouvenman ap travay pou yo menm menm ka vin pi rich
pandan la mize ap devore pep la
poko janm gen yo prezidan ki kite pouvwa an ayiti ki pa rich apre
si genyen yo minim
tout minis an ayiti se gro safe poutan pep la pa sanble a anyen
mwen fek dekouvri se pa problem lajan ayiti genyen
men se problem ayisyen menm
ayiti bezwen ayisyen pou dirijel
moun ki kwe nan peyi ki kwe nan devlopman san demagoji
nou bezwen yon lot klas sosyal
yon lot group politisyen ki gen yonn nan mechan sa yo ladanl.

nou bezwen yon gouvenman ki kwe nan fos la jenes san yo pa itilize yo
pou boule kaoutchou selman,
gouvenman ki kwen nan edikasyon ...pa fom bagay aristid ak preval vle fe
pou yo vin pi rich la non
mwen vle pale de edikasyon tout bon
moun ki kwe nan etidyan
le sa lajan peyi a ap telman gen bagay pou fe yo pap menm gen tan pou yo vole.

nou bezwen yon leta ki konn negosye ak bon plan nan menl
pa moun kap mache mande san konnen ki sa pou yo fe a lajan si se pa
distribye bay chak senate plen kont bank yo.

epi tou li le pou pep sa sispann vote chime neg sot pou reprezantel nan yon palman.

si oo ta fe yon ti anliz ou ta mande sa gouvenman ayisyen manke
fok ou ta frekan pouw ta di yo pa gen tout denye mak machin yo bezwen
tout kalite kondisyon nan biro yo
sa ta vle di materyelman yo pa manke anyen sof ke yo manke tet pou yo ta fe bon dirijan ...ala de koze papa ...

poutan si ou ta mande sa pep ayisyen an manke
wap di li pa gen dlo potab, la pa gen limyen, rout,lopital ann di an rezime
pep sa pa genyen anyen
e teritwa blanch paske pa gen pye bwa anko
malere yo fin koupe tout pou fe ti monnen pou sove la vi pitit yo
yo bezwen ayiti vet padan pep la pa menm gen yon ti recho a gaz
sa ta vle di nap preche moral a kalson sou nou....pa vre
mezanmi!!!sispann pase pep sa nan tenten non

jou ale jou vini
yo le tout bagay gen pou chanje le sa
nan we gro chabrak yo devan jij ayisyen ap jije
tout sa ki koupab yo va kondane
sof inosan kap reziste
moun ki fin toupizi pep la
yon bon ayisyen tout bon gen poul vini
e le sa nap peye tout sa nou te fe
mwen kwen nan sa ...e pep ayisyen ap akonpanye ayisyen
parey li lap kab diferansyen ayisyen tout bon ak moun ki gen ko ayisyen selman
yon jou konsa anko na pale plis

Ti Joseph, May 3 2009, 3:14 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >