Ey timedam, sa nou di ya se youn bagay kap pale lontan pami...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 5603

Ey timedam, sa nou di ya se youn bagay kap pale lontan pami gouvènman pwogresis e de goch ki rive pran pouvwa sou latè.

Men apa Castro mpa kwè gen anpil ki aplikel.

Lèw pran Lula, se youn ti ransè popilis, ki menm di ke lèl te de goch se te youn erè de jenès, alò ke miosye gen youn kokenn peyi ki te kap fè youn inovasyon lan aplike politik refize peye fmi ak bank mondyal.

Ayiti pa vo anyen kòm ekonomi li pa pwodi anyen vre e pou preval ak tout anplwaye leta touche se kras blan-an ba peyi ya ki pèmèt li touche.

Se sak fè, alò ke nou te rayi Mesye Malebranche sou sit la, mwen mtwouve ke se youn nèg ki pozitif, pasel ekri anpil sou sa yo rele ekite entènasyonal sou sa li rele youn nouvo kontra ant payi disid yo. Se pa youn sèl ti peyi en fayit kou ayiti ye laa ki ka voye ansasen ewopeyen e sitou meriken al bwa chat lan politk apovrisman ak efasman leta pou yo fè sa yo vle ak moun lan ti peyi sa yo. Kidonk, fok nou ta milite pou youn mouvamn rejyonal de liberasyon, sa youn nèg kou Loty Malebranche rele "Hamlet Caraïbèn et Latino-américain", atik ki parèt lan youn revi ofisyèl gouvènamn kiben yo rele "Lettres De Cuba".

Abyento timoun.

Janjan, January 10 2008, 12:11 AM

Topic: Sidelining the World Bank and IMF

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Ey timedam, sa nou di ya se youn bagay kap pale lontan pami gouvenman pwogresis e de goch ki rive pran pouvwa sou... read more >
Janjan, 10-Jan-08 12:11 am
Janjan, nou konnen ou; ou pa bezwen change nom ou chak fwa ou poste yon bagay. nou rekonet ou nan fason ou ekri. Ou se... read more >
Mak Truck, 10-Jan-08 5:00 am
Mak, premye bagay poun ta fe fon ta gen pwop politik pa nou, pa sa loksidan dikte nou. Fon ta refet mantalite nou net... read more >
Janjan, 10-Jan-08 11:43 am
Janjan, sak passe? Monche ou di trop verite la Ou konnen jan fre nou yo pa renmen sa! men tout fwa fok verite pale. En... read more >
Mak Truck, 11-Jan-08 10:24 am
Monche mak, se tou letwa pou inisye lan youn politik global de relevman peyi ya. Men pou sa rive, fok gen youn bon... read more >
Janjan, 12-Jan-08 2:17 pm
Flate peyi etrange, se yonn nan problem lide nou yo. A vre di proveb franse-a di konasa "qui finance commande". Sa se... read more >
Mak Truck, 12-Jan-08 3:58 pm
We did not understand your message. We have no comments. read more >
Lionne Club, 12-Jan-08 7:25 pm
Lionne Club, sorry if you could not understand the post. I was saying this " pleasing,or flattering foreign powers is... read more >
Mack Truck, 14-Jan-08 3:34 am
My answer is petroleum extraction, commercial sugar and coffee and cacao production. Commercial mangos, oranges... read more >
Lionne, 14-Jan-08 2:04 pm

 

< Previous | Home | Next >