Ann chanje mantalite

< Previous | Home | Next >

Li lè pou nou kité,lipokrizi, rancune, diskriminasyon

sé pa yon solisyon poun avansé.

paském mwen wè a jém yon fwa koté yon séri de konpatriot

ap fè gès ak men dwat a ba blan nou pa fout bézwen blan

épi men goch la ouvè ap tann èd, nan men ki nan men blan

kap distribié nouriti diri pwa lwil.

li lè pou nou chanjé mantalité, paské jounen jodi a nou

kondané pou nou viv ensanm vlé pa vlé

mond la chanjé,nou pap janm blié pasé zansèt nou yo

fok nou toujou komemoré yo, pa kont mpap janm bay yon

konpatriot mwen konsèy pou itilizé sa kom yon alibi

révancha, sa pap mennen nou okin koté,paské nou

kondané pou nou viv ensanm vlé pa vlé

e mwen kwè se sa bondié mandé.

Peeter, September 27 2010, 6:38 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >