La honte n'existe pas,pour lesFaux politiciens Hatiens.

< Previous | Home | Next >

kelke swa politisyen, ki aprouvé jan de maniféstasyon sa yo nan péyi

d'Ayiti, jounen jodi a, pou éta péyi sa a yé la a, nan tout kokorat sa yo

pa gen yon ki ka dirijé péyi sa a, mtrouvé Préval gen ampil kouraj, e ki pa gen

menm vizion, ak bann politisyen sa yo ki bezwen vôlè,kap pran poz gro

Nasyonalis yo, mwen menm mwen poko janm voté nan vim, paské mwen pat gen chans poum voté

nan péyi dayiti avan ke mwen te pati létranjé,pa kont lè map swiv deroulman

politik lakay ak yon séri de nèg mtandé ki politisyen, jouk jounen jodi a mpa

wè youn ké mwen ta ka voté pou li, paské pou mwen menm mtrouvé Préval ak tout

Premié Minis Bèlriv pran yon bèl désizion pou kréyé sa ki rélé yon tèt ansanm

Ayisyen e étranjé pou lévé péyi a nan bafon sa a,épi mwen wè gen nèg politik,

ki gentan bay Préval non vandè de patri, pandan se tan si sé 5 santim nan

bouda nèg sa yo ki ta pou sové Ayiti, yo mèt tou fè sèkèy Ayiti antérél, ya pito

vôlè péyi a olié yo fè yon bagay sérié pou li, mkonnen byen se paske nèg yo

konnen lajan pou rekonstwi péyi a pap tonbé nan men yo, se sa ki koz tout

maniféstasyon kap fèt pran poz ke se préval ki pa respékté konstitisyon, alor

sa a se yon konstitisyon sa a yé la avek plen érè ensipotab, koté moun ki gen

doub nationalité,pa gen la vowa o chapit, lè konsa, sitwayen jwen la vwa o

chapit nan lot mwatié nasyonalité a, Ayiti menm nan kaka, paské lot péyi gen

léspri pasé nou yo pap pèdi yon yota. mfou pou nou lè nap palé de

konstitisyon an ayiti, konstitisyon ki di ou pa bezwen okin esperians politiko

administrasyon pou depité ou sénatè e sé sa nap péyé jodia ak yon bann

bèbè,ki pa gen anyen nan sèvèl yo, ki swadizan politisyen.

Nou nan yon vrè mèd se Bondié sèlman ki pou di yon mo pou nou, ak bann vôlè

sa yo. sim té gen pouwa magic, mwen tap pasé yon lwa nan péyi d'ayiti sèl moun

ki tal lékol ki konn li ékri ki tap voté,paské yo tap mié chwazi reprezantan

yo, lè sa nou ta wè si bann kokorat sa yo mwen wè la a tap janm dépité ou

sénatè,paské mwen wè yon seri de politisyen an Ayiti, sé jadin pou nèg sa yo

tap fè nan valé a pou pèmèt péyi a avansé,yo pa gen plas yo, ni dépité ni

sénatè,politik Ayiti bay lajan fasil, se sa ki fè tout moun bezwen chef.lè nèg

yo pran lajan pou fè kanpay, yo achté 2 boutèy klérin,épi voyé nèg sot al voté,

2,3 jou aprè se gro 4/4 vit fimen klimatizé, ak bèl demwazèl 2 pié kwazé sou tablo de bord sou do maléré, épi péyi a menm ap anfonsé nan trou. Domaj...

Pierre, May 19 2010, 7:17 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >