Ti Pap, zeleksyon (pa eleksyon) pap fe anyen pou nou. Depi 24...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 21201

Ti Pap, zeleksyon (pa eleksyon) pap fe anyen pou nou. Depi 24 lane ke Robert Fatto Jr. predi nan yon liv ke li rele "The Roots of Haitian Despotism" e nan yon lot liv ke li rele "Haiti's Predatory State" ke Ayiti ap gen pou li sibi okipasyon peyi etranje e nou we li. Retire malpwopte sa a sou pouvwa pou nou akoukche yon lot "zombi kaka pope twel", se toujou menm malpwopte a. Kite malpwopte a fini term limit li, pou deyo pa pran preteks pou okipasyon yo a.

Se pou nou mande refome administrasyon leta yo e redwi amplwaye gouvenman yo tou. Nou bezwen bon jan refom pou nou ka fini ak politik doubli pope twel nan peyi Dayiti e ampeche elit parese a vini pi rich nan piye leta peyi Dayiti.

Fok nou gen pasyans pou bon jan refom ka fet nan peyi a tou. An nou reskonstwi, refome e chanje vizaj peyi a pou nou pa gen malpwopte inkonpetan tankou Preval retounen sou pouvwa anko. Nan enpasyans nou nou te akouche yon paket jol boke sou pouvwa nan denye 24 lane pase yo e Ayiti vini premye peyi ki pi pove soulate.

Zeleksyon pap fe anyen pou nou. Kite malpwopte a fini manda li pou nou pa voye peyi a nan anachi e bay preteks a peyi etranje yo pou yon okipasyon san fin.

Frem pa repete ere listwa ak tout kalanbe sa yo ki te prezidan nan lane pase 1915 ak 1934 e rive 1986 pou jodia.

Kite malpwopte a fini manda li e si li te gen nen nan figi li li dwe te remet pouvwa tankou Frank Sylvain e li ta mouri ak lone e diyite.

Neg Ayisyen renmen pouvwa anpil pou yo ka vole e fe Ayisyen wont deyo e mwen tande li ta pral chache mete madanm li sou pouvwa tou. Ki te li bouje nan sans sila pou nou ka fout li deyo pi byen tankou yo fout Zelaya deyo nan Honduras la. Se sa ki fe mwen pa fout kwe nan okenn kaka ki di yo se sosyalist e yo kwe nan pep mwen ap di ou tou ke mwen degoute tou yon elit kontreband tankou elit parese nou an kap detwi ekonomi peyi a chak jou nan enpote manje ke Ayiti ka prodwi li menm si yo enkouraje devlopman agrikilti nan peyi a.

Nou chire e we pa we nap kolonize pou 20 lane akoz elit Ayisyen yo...

Tande, swiv e koute tou...

Dessalines The Avenger, April 10 2010, 5:43 PM

Topic: Video: President Preval on Haiti Elections and the Constitution

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

This is all hogwash/crap/BS! if Preval was really serious about the constipation, oops! I did it again, I meant to say... read more >
Tiba, 8-Apr-10 6:27 pm
Preval ferme ta gueule imbecile, stupide, imcompetant, bon a rien. read more >
Jay, 8-Apr-10 7:55 pm
beside drinking does he play poker,he sure shoot the shit bluffing. please elec someone that looks like a president... read more >
Fico4u, 8-Apr-10 11:58 pm
vous pouvez le dire plus fort et mil fois plus, se pou sel rezon mwen ta renmen we election se pou retire maskarade... read more >
Thomas Valcin, 10-Apr-10 7:31 am
Ti Pap, zeleksyon (pa eleksyon) pap fe anyen pou nou. Depi 24 lane ke Robert Fatto Jr. predi nan yon liv ke li rele... read more >
Dessalines The Avenger, 10-Apr-10 5:43 pm
MY friend, Mwen swete ke'm te gin ase cran pou mwen te decri sityasyon jan'w decri'l la nan lang kreyol nou, lang... read more >
Thomas Valcin, 10-Apr-10 6:06 pm

 

< Previous | Home | Next >