Bel Manman Chwal Nwem Nan Intelijan

< Previous | Home | Next >

Bel Manman Chwal Nwem Nan Intelijan

Bel manman Chwal nwem nan
Deja genw maleng sou dol;
Ou vin mete pannow sou li,
Li sekwe kol, toumanw lan kapote.

Kote saw pa konprann'la?

Bel Manman chwal nwem nan
Deja nan vye mizel;
Ou vin souce tetel,
Li balance kol, ou chavire.

Kote saw pa ka konprann'la?

Bel Manman Chwal Nwem nan
Deja we zantray kod vant li nan gran chimen;
Ou vin mawonnen kow' la,
Li frape pye'l, ou deyo tou.
Kote saw pa konprann la?

Bel Manman Chwal nwem nan
Deja nan cho'l;
Ou vin bal klerin,
Li pran on kou, li vomil sou hou.
Kote saw paka konprann'la?

Bel Manman chwal nwem nan
Deja nan chagrinl;
Ou vin fout' li dwet,
Li ouve dyol ou, li dechajel ladann.

Kote saw pa ka konprann la?

Bel Manman chwal nwem nan
Deja nan blackout fe nwe;
Ou vin ak marengwenw,
Li frape lestomak li, ou tonbe fas ba.
Kote saw paka konprann'la?

Bel Manman chwal nwem nan
Deja nan tabak li;
Ou vin bal drug,
Li rale on nway, li touse'l nan M'oudaw.

Kote saw Paka konprann la?

Bel Manman Chawl nwem nan
Deja gen on douz octob nan wel'li;
Ou vin pou pike'l ak on lot douz,
Li filew anvan katre, antemanw chante.

Kote saw paka konprann'la?

Bel Manman chwal nwem nan
Deja ou akize'l bay sida;
Ou vin kadejake li,
Li rive Jeremie, medsin nan pasew.

Kote saw paka konprann nan la?

Bel Manman chwal nwem nan
Dejaw bal non pi malerez pov;
Ou vin foure zagow nan djakout' li,
Li pase on bale, ou de pye douvan pou peyiw.

Kote saw paka konprann la?

Bel Manman chwal nwem nan

Deja'l pran nan zip ak kidnapin ou'a;

Ou vin bal bat kat la,

Li baw kare rwa pou'w mache we kare las.

Kote saw paka konprann nan la?

Bel Manaman chwal nwem nan

Deja pa we nwel li;

Ou vin ak tchiatchiaw wap mabouyaw,

Li soufflé lanbil, jou barew.

Kote saw paka konprann nan la?

M'te diw bel manman chwal nwem nan intelijan.

D'you understand?

Yo te diw pa teste bel gason nwe'l la.
D'you understand?

Kote saw paka konprann nan la?

Bel kounan get manmanw.

Kote saw paka konprann la?

Mwen diw, kounan get manmanw.

kote saw paka konprann nan la?

M'ap toujou diw, kounan get manmanw.

lavaud Hold Desmoulins Philosopher-Poet (02/11/2010)

The Dark Knight, February 19 2010, 6:33 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >