Fo nou pedi tan pou nou gen tan

< Previous | Home | Next >

Prezidan Preval mwen vle pwofite ti okazyon sa a pou mwen fe yon ti pale ak ou. Mwen ta swete ou li mesaj mwen an e koute konsey mwen yo.Mwen se yon pwofese de fomasyon.

Li ta bon pou ayisyen fe yon ti chita pou reflechi olye yo kontinye yon seri aktivite.

Li pa posib pou lekol rekomanse fonksyone konye a paske gen twop problem.

Ti moun yo twomatize.

Nou ta pwofite mande kominote entenasyonal la pou bati lekol nan tout gran vil pwovens nou yo menm jan yo fel nan peyi etranje sa vle di menm standa omwen yon nan chak vil prensipal depatman yo ak nan potoprens.

Nou bezwen lopital moden menm jan nan peyi etranje nan tout gran vil nan peyi a. Wout nasyonal nou yo sipoze fet nan tout peyi a. Mete ayeopo moden nan tout gran vil ki se chef lye depatman yo ansan ak elektrisite e dlo potab.

Panse yon politik lojman nan kapital la ak nan pwovens.

Nou dwe pwofite de sitiyasyon sila pou nou rebati Ayiti.

Si nou pa konn sa nou vle menm si kominote entenasyonal la vle eden se penn pedi. Fo nou di yo priyorite nou genyen.

Lot bagay ki ka ede devlopman fet ak desantralizasyon se non selman mete enfrastrikti nan vil pwovens yo men tou se panse koman pou fe sa. Pa egzanp santral teleco gen dwa nan Gonayiv olye de Potoprens.

Nou bezwen yon ayeopo entenasyonal nan Podepe nan zon Lasalin.

Evalye Boplan ki se senate zon nan konnen byen sa map di la. Gen twop moun Podepe Mayami.

Yo ka direkteman vin Podepe san pase Potoprens.

Devlope ton pwasonri nan Mol St Nikola ak ed kiben yo. Plante kann nan zon fwontye ak Dominikani pou anpeche ayisyen al koupe kann kay vwazen ak yon paket lot egzanp anko ma di nou yon lot fwa. Mwen dispoze pou mwen ede peyim nenpot kile mwen ta gen opotinite fe sa. Konnye a map viv nan Boston men mwen toujou ap suiv nouvel peyia e vwayaje an Ayiti tou.

Jean N Joseph, February 17 2010, 12:13 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Eske nou pa li pwopozisyon ke : Lou Evans Arne te ekri a na ka we priyorite pou peyi a ak pou Depatman Nodwes, rezon... read more >
Leontes Jean-jacques, 25-Mar-10 7:12 am

 

< Previous | Home | Next >