febless peyi a

< Previous | Home | Next >

M toujou reflechi pou m remake ki sa ki fe peyi a febli konsa.Non selman nou we tout sakrifis ke gouvenman an fe ak konkou pep la pou eseye fe plis pwogwe nan jere peyi a. Si nou tout vire zye n gade eta peyi a, nou we se tankou nich foumi oubyen nich ravet.

Sa te komanse fet apre depa Duvalier a. Men le fet ke nou te pran libete sou mize nou te pase nan tan e ke nou jwenn libete e ke nou te satisfe, nou we ke mize sa a pi grav pase mize anvan, mwen pa di ke sa lontan an te pi bon, men mize sa a pap ka rezoud tre fasilman.

Mwen we ke nou menm pep la pa gen bon kontwol pou peyi sa a, nou mete plis dezod ki fe peyi a led. Piske malere yo egziste e ke y'ap plenyen pou ed, olye pou yo pran konsyans pou yo soti ladan l yo mete plis pwoblem nan peyi a tankou pa egzanp 1 manman malere fe 1 premye pitit e li pa ka okipe l, li voye l kay yon fanmi l oubyen zanmi l pou okipe pitit li, men li antre nan fe pitit anko ke l pa kapab ave l e li fe 1 lot pi red anko li pa kapab epi apre sa l'ap joure responsab yo pou ede l paske l pa kapab e l we ke se expre li fe pou l'ap plenyen toujou.

M pa la pou kritike pyes moun men premye bagay m we ki pemet sa rive konsa se mank edikasyon.Lot bagay tou ki fe zon nan gaye a se moun ki soti andeyo ki envite lot moun yo ki fenk konn lavil pou pase tan ave yo e ke okontre yo rete yo cheche yon ti kote yo rete epi yo fe kay pa yo san yo pa menm tcheke ingenieur pou trase plan kay la e ke yo fe l jan yo vle ki bon pou yo. Se la a ke Bidonville la komanse e ke li grandi tankou yon ze ravet ki gen dwa fe trentaine ou quarantaine.Nan ka sa yo, mwen we gouvenman pa gen pouvwa pou retire sa paske pep la se fos peyi a. Kijan nou te ka rezoud sa?

Eske se kouri voye trakte pou kraze tout kay yo?

Non. Mete yo deyo?

non. (Okontre sa pa nan lide m men pep la t'ap tou kraze moun ki t'ap fe sa e m dako ave yo.) Menm kounye a m poko we kijan pou ta genyen debidonvilisation sitou nan kapital peyi a paske peyi a vin tonbe nan lavi che e m santi nou two ba pou fe sakrifis sa a.Nou two feb pou reyisi ladan l. Gen yon lot bagay tou mwen we ke kote yo soti, yo byen jere zon e yo mete zon nan stab, yo chak gen teritwa yo separeman e legalman, men le yo rive nan kapital la le fait ke yo pa konn sa pou yo fe yo fe tenten nan kapital la. M'ap anonse manb prensipal gouvenman an inklu prrezidan peyi a pou komanse fe pa ki au moins ta posib pou stabilize peyi a. Kijan?

M konnen gen biwo leta nan chak depatman men pwoblem ki rive sa pou pep la genyen kom obligasyon, se nan yon sel biwo nan kapital la bagay yo chita.

Si yo te konmanse aplike fe bagay yo dwe fe a legalman, y'ap pran des mois et des annees pou yo jwenn.

Okontre vin gen sistem odinate, nou gen pote chak aparey nan chak biwo nan chef lieu deapatman yo pou pep la pa nan ke sote; lem pale de biwo leta, li gen dwa pati edikasyon, enpo, finans, cultes,...

pou cheche fasilite nan bay pep la sevis.

Si nan tout arnjman nou fe nan prensipal e ke nou fe yo nan depatman segode yo, m si ke a 60% ke pep la ap retounen kote yo soti. Sa a ka petet diminye febless peyi a pou ka genyen satisfaksyon.

Si nou konfime sa e ke sa a rive fet le sa a m'ap santi ke peyi a ap fe gwo pwogre, e ke m'ap santi m fye de sa m sot di a.

Mesi

Exceus, April 23 2009, 11:07 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >