Ayiti pral chanje

< Previous | Home | Next >

Avek Obama, nou ka ginyin LA NAVASE.

Li te ekri nan Konstitisyon nou an. Sa ka vinni youn bank touristik pou Ayiti.

Nou ka jwen plis ed pou developman peyi nou an. Yo ka trete ayisyen byen. Plis lajan transfe ap pral jwen fanmi yo ayiti.

Exije tout kompanyi transfe yo pou achte produit local Ayiti.

Kraze tout ti bidonvil jouk gwo bidonvil.

Decentralize tout vil provins yo. Nou gin twop bel plaj, ak fo historik, bel zev atistik kap gaspiye.

Bati bel rout ak toll pou kolekte TAX. Nou kapab mezanmi.

Recikle tout fatra yo. Plante nan tout peyi a. Pa dwe gin youn montagne ki blanchi.

Tout dwe vini vet. Chak elev ta dwe plante minm set pie fruits pou pase klas li. Tout moun ka jwen manje lokal.

Nou dwe prese.

Nou kapab.

Gin kek chanjman nou ka fe anne sa. Pa re ap gade. Nou pa dwe ap mande selman.

Nou gin ampil riches.

Nou pa janm kreye moyen pou sevi ak yo pou fe leve ekonomi peyi nou. Citadel Laferriere.

Chak ayisyen ki visite li ap kriye.

zanset nou yo kite ampil gwo riches pou peyi a. Min yap gaspiye.

Ta dwe gin o mouin set aeroport internasyonal.

Se youn ront pou we kek ti avion ap ateri nan pousye.

Se youn ront le ou kite Repiblik dominiken, ou we jan bo pa yo a gin rout, vet net. Nou min, bo pa nou an tankou savann.

Mezanmi, nou kapab.

Chak anne, bay depatman ki pi pwop la, ou byen vil ki pi pwop, pi oganize a youn prim. sa tap renforce moun yo pou yo rinmin peyi yo. Sevi ak jenes la ki vle chanjman.

Si nou pran ti konsey sa yo, peyi ap chanje.

Ayitichanje, November 27 2008, 8:43 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Se vre Ayiti ka chanje. Li pa dificil jan ampil moun panse. Nou gen twop bel riches kap gaspiye. Ampil peyi nou we ki... read more >
Chanjeayiti, 27-Nov-08 9:06 pm

 

< Previous | Home | Next >