Se vre Ayiti ka chanje. Li pa dificil jan ampil moun panse...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 12027

Se vre Ayiti ka chanje.

Li pa dificil jan ampil moun panse.

Nou gen twop bel riches kap gaspiye.

Ampil peyi nou we ki gin touris pa gen sa ayiti genyen.

Repiblik Dominiken pa ginyen Citadel Laferierre.

Yo ta reve sa. Min nou genyen li, sa nou fe avek li pou peyi a. Anyen.

Nap rete gade. Malgre tout tan nou pedi, nou te ate a, nou toujou gin chans pou nou leve tet nou. Nou gen ampil zon nan peyi a ki tankou paradi.

Ampil bato kwazye ka vini, si nou vle, si nou aji vit. Mezanmi peyi se pou nou, se pou pitit nou li ye. Rinmin li, netoye li, chanje li. Le sa ya trete nou tankou moun ki responsab.

Nou konnin sa ki bon. Nou kon fe sa ki bon. An nou chanje peyi nou an. Tout timoun yo ap kontan.

kote ki ka plante pou biofuel, fe li. Kote ki ka plante yanm, du ri, mayi, manyok, mango francik etc, an nou fe li. Nou dwe ka konseve tout produit nou yo. Tankou mango francik.

Nou te ka expote yo pou tout ane a, si nou te ka konseve tout e te gen rout e tout peyi a te decentralize.

Plis lajan tap rantre nan kes peyi a. Peyi Ayiti, lap gaspiye.

Si nap expote, se pou nou eseye expote tout sa nou ka expote pou leve ekonomi peyi nou. Pou plis moun ka travay.

Tout jenes la ka ede chanje peyi sa. Ayisyen se youn pep ki gin fos, ki travay di, ki fe ampil nan peyi etranje.

Gin ampil ki ede minm peyi voisin, ampil bel konstriksyon hotel, rout, port etc. Nou kapab..

Chak zon nan peyi a ta dwe sanble bo palais nasyonal.

Nou kapab.

An nou chanje peyi nou an

Chanjeayiti, November 27 2008, 9:06 PM

Topic: Ayiti pral chanje

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Se vre Ayiti ka chanje. Li pa dificil jan ampil moun panse. Nou gen twop bel riches kap gaspiye. Ampil peyi nou we ki... read more >
Chanjeayiti, 27-Nov-08 9:06 pm

 

< Previous | Home | Next >