Peyiya fin kraze

< Previous | Home | Next >

Jodya mwen gen yon kè kontan pou'm ka salye pèp hayisyen"Haïtien"bon, si'm ta pran pale souproblèm peyiya sata pran anpil tan, men map di kèk mo kan men'm.
Donk, sijè ki poze ya vrèman bèl e li enteresan, li gen kat kesyon ladany oke.

Pou problèm ki gen nan peyiya, menkèk problèm ke'm panse:Pèp la pa ka manje, ti moun paka ale lekol, manke lopital, manke inivèsite, manke travay, pa gen wout, pa gen djo, e anpil lot problèm anko.

Donk pou sa'm tande, tout gouvènman ki pase yo toujou di yap fè pou peyiya, men yo pajan'm fè anyen vre pou pèp la, sim ta vle di yon bagay kiresan tankou diskou presidan Preval, sot fè nan dat 09-04-08 la, sa se pale mete la pou fè pèp la domi.

Mwen santi'm kontan pou'm bay opinyon'm sou sitiyasyon peyiya:pou mwen se pa kraze, brize boule afè moun kisolisyon peyiya, se ta va fè yon sèl chèn solidarite, kreye travay pou pèp la, bati lekol inivèsite pou pèp la, pou tout pati politik yo papanse pou tèt yo ake ras yo men, se pou yo ka panse pou pèp la pito.

Dako sake'm kadi ki lakoz jan de problèm sa yo nan peyiya se paske tout gouvènman gen yon sèl vizyon se plenpoch yo viredo yo.
Bon sak ta pou fèt se pou kousuperyè dèkont gen yon dzye fikse sou zafè leta etou pou ikrèf fè men'm travay la tou, pou sispan'n gen koudeta prepare pa mouche blan, pou nèg yo sispan'n pati ake lajan peyiya.

Pou'm ka tèmine mensa map mande se pou nèg politityen yo bay peyiya yon chans, paske 1986 a 2008 sa fè pèp la gen 22 zan an notaj, se pa sa "Jean Jacques Dessaline"te vle eni lot ero yo tou pate vle sa pou blan te ap mache fè sa yo vle sou tè sa anko, mèsi.

Jean Louis Jacques, April 10 2008, 9:58 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >