mwen santi m dekouraje

< Previous | Home | Next >

bonjou lakay kouman nouye mwen wè em tande tout sa kap pase lakay bon mwen se yon jèn kap viv chili mwen santim dekouraje lè map gade nan televizyon eta peyim mwen tande grangou ap ravaje moun mwen tande deklarasyon prezidan fè men mezanmi map dinou ayiti twò piti poul ta okipe tèt li se paske pagen tèt ansanm tout moun wè yonsèl kote pòch yo sèlman men tande map viv chili sepa bonlibon pasenou men yo fè efò si leta paserye kilès kipou serye map gade chili pajanm mande èd ak kèlke swa peyi a ak tisal fè a li devlope peyi a wout fè kenken lopital lekòl peyi a bèl mwen gen anbisyon paske mwen gen yon peyi tou kote sa nou pakafèla si èd ayiti jwenn chili te jwenn ni monchè fòk ou teka konparel ak etazini wi se verite peyim kraze paske tout jèn kite dotè enjenyè tout vi n pase mizè nan chili men poukisa ayiti piti mezanmi bay peyim yon chans pou toutjèn retounen lakay yo si pèp la paka manje lijwenn kouran lap pozel sili jwenn dlo men mezanmi lipa jwenn youn menm leta pafè kòb yo pajwenn èd men sa kikoz peyi a konsa soti depi nan azèk rive nan prezidan youn paserye revokasyon pavledi se chanjman yon sèl bagay kipou fèt sepou ayisyen pran konsyans lèsa a pap janm gen bagay sayo ankò kap repete se tout mwen tap dinou se avèk yon chagren mwen kite nou kouraj pèp ayisyen yonsèl bagay map dinou priye ipi nap delivre pamete espwanou sou lòm sou bondye sèman ok bay sete lezardieu jean louis jèn ayisyen

Jean Louis Lezardieu, April 10 2008, 8:30 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >