Avni peyi a an danje

< Previous | Home | Next >

Si avni peyi a an danje se avni nou menm jenn ki an danje, jan sitiasyon an ye la li ka debouche sou yon vrè okipasyon, bagay mwen pa souete men se ap fòt dirijan ireskonsab, inkonpetan ak tout palmantè ignoran nou te vote yo. Konsey mwen ka bay presidan an se ouvri tout pò yo ak desann taks sou pri manje pandan l'ap lanse politik agrikol li a.Mwen ta renmen pou yo integre jenn yo nan elaborasyon program peyi a, gen anpil nan yo ka p' panse e ki gen bel projè men pa genyen moun ki pou tande yo epi yo toujou ap di ke se jenn ki avni peyi a men yo pa ka wè ke yo pa ka panse pou yon avni ki pa pou yo, se sel jenn yo ki ka panse pou avni l'men avek konsey granmoun yo. Gen politisyen ki pa ka konprann ke tan yo pase, yo pa vle bay jenn yo chans yo, yo anpeche peyi a devlope nan manipile pep, nan voye yo al kraze, boule biznis moun yo se sa ki fè gen anpil etranje ak ayisyen ki pa vle vin investi nan peyi a.Dènie konsey m'ap bay presidan an, pa kite flatè mete ou devan pou wè mach ou men agi pou konsyans ou toujou an pè.

Duclecia Joseph, April 10 2008, 4:52 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >