Diskou Prezidan an

< Previous | Home | Next >

Mwen fèk tande diskou Prezidan an. Pou mwen, se yon diskou chèf Leta. Prezidan an pa fè demagoji epi li fè nou wè yon direksyon.

M ap tann mwen gen yon kopi ekri diskou a pou m pòte yon kontribisyon pi solid.

Men depi kou n ye a, mwen pakò wè, nan diskou a, okenn mwayen pou rive nan objektif Prezidan an pale sou yo a. Poutan, gen done pou koumanse pran mwayen klè, pratik, pou avanse nan divès pwen Prezidan an pale a.
- Gen done pou oryante desizyon pou konnen kouman pou òganize yon veritab refòm agrè ki pou ogmante pwodiksyon agrikòl la nan benefis agrikiltè ki pi pòv yo epi konsomatè ki pi pòv yo. Se pa yon kesyon bese pri entran sèlman, ni sibvansyone pwodi agrikòl nasyonal la sèlman.

Se yon veritab refòm agrè, menm jan sa te koumanse fèt nan premye faz Prezidan Preval la te koumanse a, epi ki te vin kraze akòz yon lidèchip bankal nan INARA.

- Gen done pou konnen kouman pou òganize komès manje (lòt komès tou) nan peyi a pou sa pwofite tout moun sou baz yon estrikti ki ankouraje konkirans (kidonk bese pri san leta pa bezwen kokomakak).

- Gen desizyon CHÈF LETA NAN YON KONTÈKS KRIZ ki pou pran sou kesyon envestisman nan peyi a. Pwojè Zòn Ekonomik Espesyal se yonn nan dosye ki pou pran ak kouraj.

Prezidan, mwen kwè konseye w yo enfòme w, pi gwo kòz ogmantasyon pri manje ak petwòl, se siksè Zòn Ekonomik Espesyal nan peyi Lachin epi End. Si nou vle fè fas ak kojonkti entènasyonal sa a, fòk nou konsidere modèl sa a, pou nou adapte l ak reyalita pa nou.

Se ti remak sa yo mwen genyen "cho" tousuit apre mwen tande diskou Prezidan an. Mwen dispoze pou mwen pòte kotribisyon m pou nou sove peyi nou a, nan pòte yon amelyorasyon nan kondisyon sitwayen k ap soufri pipli yo, menm jan mwen te fè li nan faz pilòt refòm agrè a (premye faz la).

Mwen tande nan radyo anpil reyaksyon lejè sou diskou sa a. M ap tann yon kopi ekri pou mwen fè kòmantè ki pibyen kanpe.

Mwen swete Prezidan an kouraj, detèminasyon epi entelijans.

Jean-fran Ois Tardieu, April 9 2008, 3:01 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >