Corruption Operation Anba Kod Gen neg ki pran plezi le swa...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 5662

Corruption > Operation Anba Kod

Gen neg ki pran plezi le swa, ou bien gran lajounen fe yon trou nan kes Leta.
Jodia yo mete yo nan yon pozition, demen apre yon sel jou, me grose vant yo. Poch yo lou, yo pa ka mache! Nan yon mwa, me grose chato yo. Kek nan yo tres intelligents: Yo sere "rekot" yo anba matla, toujou rete nan ti kay bwa pin an, epi le yo voye yo ale, apre de jou, me longe kabwet yo...

Gen lot, Yo pa pran nan kes la direkteman non!, yo ampeche lajan rantre ladan.

Pou yo dedwane yon machandiz, fe ou peye yo an ba. Yo jwenn ankourajman tou. Gen yon seri menm, yo vole machandiz yo sou dwan nan, sa dekouraje komesan yo. Gen yon lot group, yo fe parenn yo ak marenn yo pa peye anyen e puis y'ap touye lot malere.

Gen yon kolonn, ki ampeche leta amploye moun ki kapab, et mou ki honet.

Tout neg sa yo merite anba kod, pase yo nan television, pu tout je we yo. Sa ki pi red la, la polis ak lajustis paticipe nan komplo pou mete peyi ya agenou.

Se yon bel ide epi yon bon travay pou mete inpe neg anba kod. Min si la jistis koronpi, se lave men siye a te. Anpil nan nou nou sitire vole yo, le nou ba yo kob anba pou yo fe travay yo. Gen la dwann, kontribisyon, Achiv nasyonal, kote sa yo menm se la anpil neg malonnet rete. La majorite nan yo se vole, ti res la kirete ya pe pale. Nan Aeropo a menm depi yo sispek ou se diaspora, yo fe'w abi.Yo di w'paspo ou pa bon, ekstera..Si ou ankouraje koruption, ou koupab tou. Si ou benefisye de yon vol, Ou se yon vole tou.
Mwen voye dlo, mwen pa mouye peson, si ou te travay la, ou bien w'ap travay la, ou konnen ki moun ou ye. Se malveyan sa yo ki fe nou pa gen rout, pa gen limie, pa gen l'hopital, pa gen anyin.

Vole sa yo komet gro krim kontre pep la. Deviz yo se: L'etat c'est moi. Se ras Napoleon Bonaparte yo ye. Malveyan sa yo merite anba kod. Yon sel bagay, le nap lage koukou rouj deye vole, an nou fe atansyion pou "inosan pa peye pou koupab"

Posted by Neg Lakay on 9/19/07 6:36 PM

Kokomakak, January 15 2008, 7:41 PM

Topic: Vole dans les douanes

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Corruption > Operation Anba Kod Gen neg ki pran plezi le swa, ou bien gran lajounen fe yon trou nan kes Leta. Jodia yo... read more >
Kokomakak, 15-Jan-08 7:41 pm

 

< Previous | Home | Next >