Ayisyan Pa Pale Franse Pwen Final

< Previous | Home | Next >

Si se selman 15% Ayisyan ki pale lang Franse depi 206 lane endepandans, Franse pa lang Ayisyen.

Lang Ayisyen se Kreyol e selman se restavek kolonize yo selman ki pou ap defann yon lang kaka konsa paske li ede yo eksplwate lot ki pa pale li. Jol bokye sa yo itilize lang Franse pou yo kolonize pwop fre yo. Se yon wont wi. Nan refom kap fe sou edikasyon an se pou yo konsidere Franse kom dezyem lang nan peyi Ayiti e se pou non Ayiti retounen ekri jan Tainos yo te rele peyi a. Ayiti vle di: Te montay ak manman te nan tout rejyon an e sa pa vle di Hair Tien mis pour Haitien ke jol boke milat prezidan Boyer te fe chanje non peyi de Ayiti an Hayti ou Haiti.

Se yon wont pou tout jol boke sila yo kap defann lang kolon an e nou dwe rele chalbari deye tout kaka sila yo. Peyi la Frans di se peyi ki gen majorite pep 70% ou plis ki pale Franse ki konsidere kom peyi Franse e se sak fe ke yo mete Ayiti sou ban touch.

Si jol boke sila yo ki chita ap defann Franse nan blog sa, se chen yo ye e yo pap janmen konprann ke Ayiti pa yon peyi Franse e li pap janmen yon peyi Franse.

Restavek 15% ka defann lang Franse paske se yo sel ki gen mwayen ekonomik nan peyi a e revolisyon Ayisyen an te fet pou yo selman.

Map mande pep Ayisyen rasanble tout fos yo pou van chanjman ka tabli nan peyi Jan Jak Desalin nan tout bon vre. Mwen mande tout Ayisyen antre sou website Ezilidanto.com pou li listwa peyi Ayiti pou nou komanse van chanjman tout bon vre...

Carline P.s. Desrosiers, March 2 2010, 3:08 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >