Website: Erzulie Dantor ou Ezilidanto.com

< Previous | Home | Next >

Mwen mande tout Ayisyen vanyan konsilte Erzuliedantor.com website pou nou li mesaj premye Janvye pe fondate peyi a ki te ba nou endepandans la. Li diskou sa e eseye konpran mesaj lanpere Desalin e pou kisa nap mande charite koulye a. Si prezidan milat yo rele Petion an pat pwazonne Desalin pou li te ka jwen ed nan men peyi Franse peyi Dayiti pa tap e ta sa a. Nou kapab konnen pou kisa moun rich nan peyi nou kolonize peyi sila ak yon lang ke Ayisyen pa pale depi 206 lane. Asasinasyon Desalin nan Pon Wouj se konplo prezidan milat Petion pou yo pat konnen ke se li ki pwazonnen Desalin tande.

Si nou gade peyi listwa nou. Milat te dirije peyi sila soti depi 1807 pou rive 1849 kote yo enstale premye prezidan nwa pope twel yo ke yo te rele Soulouque yon neg nwa pandan dis lane. Le Soulouque vle fe refom ke Desalin te mande yo, yo jete li sou pouvwa e yo ranplase li pa Geffrard yon milat an 1859. Depi 1859 a 1957 a pe pre yon syek se milat ki tap komande jiska ke yo mete yon dezyem pope twel neg nwa ke yo rele Divalye.

Milat dirije peyi Ayiti pandan plis ke 150 lane nan 206 lane listwa peyi nou. Depi le sa milat mete divizyon nan tout lot rejim ki vini apre pou anpeche peyi sila a pwogrese.

Bondye sot touye anpil nan teknokrat vole yo pou administrayon peyi ka chanje e se pou nou rete vijilan pou chanjman ka fet tout bon vre. Si chanjman pa ka fet nan de lot tranbleman te ya nan 2011 ak 2021 bagay yo ka pi red tande...pep Ayisyen leve kanpe pou van chanjman ka soufle e fe chimen li tande...

Carline P.s. Desrosiers, March 2 2010, 3:36 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >