black-out se yon cancer pou yon nasyon

< Previous | Home | Next >

Pep Haitien li le pou nou fe manifestasyon pou yon bagay kap pote yon vre changement nan vi nou.
Nou fe manifestasyon tout vi nou pou voye mou-n ale, pou mete lot mou-n sou pouvwa, ki pa jan-m pote oken changemen nan societe-a, mwen kwe li pi enpotan pou nou pran lari pou ELEKTRICITE nan peyi-a.
Fe nwa sa-a bouche ge tout pitit pep la, li fe nou vin tankou yon pep zombi, nou akcepte tout bagay, gran neg pran ti rezev EDH la pou bay kouran bo lakay yo epi yo gen delko, kadav ap pouri nan mog lopital general, yo apran-n nou di "PITO NOU LED NOU LA" sispan-n manifeste pou mou-n. pran lari kont fe nwa.
Indistri fe nwa-a pa nan avantage mass pep la, se yon ti group li profite, yap van-n gro delco, invete ak latriye.

Fe nwa se synbol satan.

Si ti pep la te gen kouran li tap ka fe ampil ti biznis (Ti carol, glace, bwason fre, ak latriye.

Tap gen mwens moun ki soufri tansyon, yo tap ka gen yon ventilate le swa kont chale, yo tap ka gade televisyon kont stress etc...

Moun ki nan klas mwayen nan tap respire nan biznis yo, pou kesyon gazoil yap achete chak jou, yo tap fe plis benefice yo tap bay plis job.
Epi zeglendo tap ban-n yon chance paske lavi nan nwite tap repran-n toupatou.

An nou di non ak Black out wi pou kouran an Haiti 24/24, apran pran lari pou yon bon koze, se sa ki travay inivesite nou yo. sispan pran nan manapilasyon neg politk.

mete limye lakay nou sinon nou pap jan-m we pilwen ke pwint nen nou.
INIVESITE, ELEV, LEGLIZ, PATI POLITIK jen-n ak mwen jen-n nan mass pep Haisyen yo, ranmase karakte nou li le pou nou DEKRETE PERMANANS KONT FE NWA NAN PEYI-A.
Apre-sa nap pran lari pou route, se nan konsa nap change peyi sa.

Merci

Lesly G., November 5 2009, 3:34 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >