Lide pou chanje mantalite Pa:Christonardeni/Adrien

< Previous | Home | Next >

SOLèY KLERE NAN BWA KAYIMAN
&#61523;&#61519;&#61516;&#61672;&#61529;&#61472;&#61515;&#61516;&#61509;&#61522;&#61509;&#61472;&#61518;&#61505;&#61518;&#61472;&#61506;&#61527;&#61505;&#61472;&#61515;&#61505;&#61529;&#61513;&#61517;&#61505;&#61518;

Pa:Christonardeni
Christonardeni
*
In Memoriam: Dedikas pou Jackson Pyè Pòl
*
en lè a sonnen Solèy ap kase bajou...

Si nou vle gen manje nou dwe plante pye bwa.
Sous va bay dlo poun fè jaden mayi ak pwa.
Konsa n'a konn kibò pita poun gen rekou.

Kita mele n' si zòt pa ta vle bay konkou.

Zansèt nou pat janm jwe ak diyite tè saa.
Yo fè lanmou ak li san yo pa bal' kout ba.
Fè kè latè kontan poul' ka souri bannou.

Pa drive lonè pèp paske moun yo grangou.

Epe kwa ak bib panyòl vyolel'otrefwa.

Eske pou Boukmann lò ta fèl' pase konsa

34; Ras endyen kaba..." ) Sa dwe fwete lògèy nou...?

Bwa kayiman te fèt pou mwen ak pou wou tou.
Peyi nou an danje kisa n'ap fè ak sa...?

Kòm jandam bezwen bon zam poul' al nan konba
Eske nou pa ta dwe bouske sèpèt ak wou...?

Tou rich pa di kont si yo vle pote sekou.

Pou konmbit la reyisi tout bon ak la fwa
Fòk nou fè manje fè kenken sou tab pèp la
Poun demare nèt kay zòt trip nou sèvo nou.

Alfa ka klere wouj anba tonnèl vodou.

Pastè Pè Bòkò dwe fratènize nan sa.
Lagè ideyologik zòt la dwe kaba...

!
Zafèl ak batanklan nikleyè li yo tou.

Christonardeni
&#61507;&#61544;&#61554;&#61545;&#61555;&#61556;&#61551;&#61550;&#61537;&#61554;&#61540;&#61541;&#61550;&#61545;
Avril 1990
Pòtoprens, Ayiti
Enprimati: Adrien Chenet *
Imprimatur: &#61505;&#61540;&#61554;&#61545;&#61541;&#61550;&#61472;&#61507;&#61544;&#61541;&#61550;&#61541;&#61556; *
Otè:Christonardeni/Adrien Chenet
chenetadr at yahoo.com
Otantifikasyon: Adrien Chenet *
Authetification: &#61505;&#61540;&#61554;&#61545;&#61541;&#61550;&#61472;&#61507;&#61544;&#61541;&#61550;&#61541;&#61556; *`
Tout Dwa Rezève *
Copy Right *

Adrien Chenet Christonardni, August 28 2009, 9:39 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >