Idew yo bèl anpil wi. Men mwen pa kwè ke ni prezidan...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 13792

Idew yo bèl anpil wi. Men mwen pa kwè ke ni prezidan Preval, ni ekip kap dirije peyi-a avek li, pran tan pou li bon konsèy ke Pitit Peyi-a ap voye bay li. D'aprè mwen, se yo blòg li kreye pou pèmèt nou defoule nou.

Map profite alète opinion moun ki itilize blòg sa-a, sou yon group moun nan Aeropò Pòtoprens ki gen inifòm gri ak kaskèt rouj nan tèt yo; answit lè ou soti deyò-a gen yon lòt group ki plonje sou-ou. Ou te mèt gen yon ti valiz nan men-w, yo eseye sèlman touche li ak men yo, aprè sa, yap menase-w pou peye yo. Si ou pat prevwa lajan pou peye tout moun sa- yo, ou imajine sa ki ka rivew anvan ou rive lakay ou.

Enpi sa ki dwòl-la, se lè wap soti, ou wè yon bèl postè kap envite nou vini ak zanmi nou nan peyi-a. Se konm si èspèktak sa-a se yon bagay ki nòmal.

Se yon sitiyasyon mwen trouve ki se yon wont pou ayisyen kap viv andedan kon deyò peyi-a.

Petèt otorité yo pa okouran, paske yo pase pa sòti V.I.P. Mwen panse omwen yo konn vwayaje nan lòt peyi. Yo konnen nòm yo. Yon charyo pou pouse ak men, pa koute menm lajan ak yo oto; enpi tou ou pa bezwen 8 moun pou pouse-li.

Pou ki sa moun sa yo pa afèkte nan asenisman Pòtoprens pito, si reèlman yo bezwen touris rantre nan peyi-a?

Yo pa gen plas yo nan Aeropò-a. Yo reprezante yon menas pou sekirite moun ka rantre nan peyi-a.

Tijas, March 27 2009, 6:42 PM

Topic: sou zafe de velopman ak ekonomi

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Idew yo bel anpil wi. Men mwen pa kwe ke ni prezidan Preval, ni ekip kap dirije peyi-a avek li, pran tan pou li bon... read more >
Tijas, 27-Mar-09 6:42 pm
Son excellence, Je suis tres fier de vos qualites de leadership dans un pays en detresse. Je ne sais pas ce que vous... read more >
Jean-esdrace Germain Charles, 27-Mar-09 11:22 pm

 

< Previous | Home | Next >