Ki sa ki ayiti a?

< Previous | Home | Next >

Mwen gen 20 an depi map viv, mwen fèt tou prè-a:Gonayiv.

Pwoblèm mwen se kisa ki Ayiti-a. Ki kote li ye?

mwen poko janm santi frison fyète yon sitwayen dwe gen pou peyi li. Sa mwen ta renmen mande ou Preval, Kisa ou ap dirije-a?

Eske mwen mèt dwe ''fier ''de ou?

Sinsèman eske ou panse ke ou se yon modèl pou jèn suiv?

Gen de fwa map mande si ou egziste, si se yon moun, si ou gen konpasyon, si ou gen fyète, si ou gen kè?

Tanpri, si mwen ta gen lide touye tèt mwen(mwen genyen li), banm sèlman yon rezon pou mwen pa ta fè sa.

Lè mwen chita map gade Gonayiv vil kote mwen fèt, lè map gade manman mwen, papa mwen, frè ak sè mwen, zanmi mwen yo, vwazin mwen yo, Gonayiv tout antye, dim kisa pou mwen panse?

Mwen se yon generasyon modi. Mwen pa janm konnen yon ané ki byen, Kè mwen pa janm kontan, mwen poko konnen sa ki rele fyète, sa ki rele la pè.

Sèl sa ki te rete-a se te lespwa, men kounye-a gade sa ou fè ak mo sa. Ki diferans ki genyen ant mwen menm ki se yon jèn ayisyen ak dominiken ki tou prè-a?

Di-m poukisa ou la?

Sèl sa ke mwen konnen tout moun se moun. POUVWA EGAL AK RESPONSABILITYE.

Yon jou ou ap gen pou ou reponn pou tout san(SANG) sa yo ak soufrans sa yo.Yo pa te mete zam anba kou ou pou ou rive prezidan.

Se te CWHA PA OU. Mwen ba ou tout senpati mwen...

Bonne chance, si nou ta toujou la.

Dessalines, Toussaint Louverture, Christophe, Capois La Mort, Petion et Gonaives en tant que mère d'Haiti vous saluent.

Etudiant, November 29 2008, 7:51 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >