Che Prezidan Preval, mwen retire chapom' em' desann mwen byen...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 10977

Che Prezidan Preval, mwen retire chapom' em' desann mwen byen ba poum' salye ou ansanm avek tout manm gouvenman peyi d'Ayiti: kit sak'ap travay pou peyi a soti nan twou kote ke li ye a, kit sa kap' travay darachpye pou anterel' pi fon nan senmitye ke li ye a. Pa konsekan, mwen vle fe ou konnen ke mwen se yon Ayisyen natif natal men ki ap viv Ozetazini.Men mwen dwe diw' sa san ipokrizi menm le map travay map fe lajan: men lesprim'se sou lakay ke lap travay selman paske nan peyi etranje; Ayisyen pa respekte menm le ou te gen anpil lajan yo toujou mete yon tit devan non w'pou kapab degizew' ki se :< f...Haitian >.Mezanmi, an' gade apre tout kidnapin, tout abi sou dwa moun, tout lavi che kote y'ap montre sou intenet pep Ayisyen kap' manje labou.

Mezanmi mesye gwo chabrak yo ki nan gouvenman an, mesye gwo politisyen ki nan peyi a oubyen ki manje Ayiti epi ki al bwe dlo lot bo dlo, nou tout pep Ayisyen ; an pote kole ansanm avek Prezidan Rene Preval avek nouvo premye minis peyi a madam Michelle Pierre-Louis pou nou sispann fe politik men pito cheche ini nou ansanm pou devlope peyi kote lot nasyon kapab sispann gade nou avek kwen je.

Yon kout chapo pou nou tout.

Franko Pierre-louis, September 15 2008, 5:38 PM

Topic: Bay peyi-a yon chance!

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Che Prezidan Preval,mwen retire chapom' em' desann mwen byen ba poum' salye ou ansanm avek tout manm gouvenman peyi... read more >
Franko Pierre-louis, 15-Sep-08 5:38 pm

 

< Previous | Home | Next >