Choix d' un premier ministre

< Previous | Home | Next >

Excellence
Mwen gen youn kankarad nan gouvèmanw lan tou, men nou gen anpil tan nou pa kominike.Anpasan, se René li rele tou, paske sanble se tan René yo pou okipe èspas pouvwa nan lakoulakay.Sepoutèt sa mwen konprann ke kote li chitaa mwen taka chita la tou menm si'm pa rele mwen Doktè TARTANPYON.

Sèjousi anpil koze ap sOti toupatou sou zafè chwa youn pwemye minis.

Sanble bagay saa mennen anpil nèg ak nèg ak nègèss andedan Je youn gwo tanpèt ke pèsonn paka kontwole.

Genyen youn ti pwovèb papa'm te renmen repete anpil pou mountre frè'm ak sèm yo ke li wè anvan zOt sak pral rive demen.Pwovèb sa - an di: JAMAIS DEUX SANS TROIS.

Mwen pa konnen longè pasyans youn nonm lè ou chèf tout Ayisyen.

Men si 'm ta nan plas ou mwen tap bay palemantè yo vennkattrè pou yo chwazi youn nèg osnon youn nègès konm pwemye minis.Lèsa fin fèt konsa, se tou pa'm kounye a pou.m di si'm vle ou si'm pavle...

Bagay la pa pi konplike pase sa...

Jean-Marie Leroy
Canada

Jean-marie Leroy, July 1 2008, 5:52 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >