Pwopozisyon pou yon tèt chage

< Previous | Home | Next >

Mwen se yon jèn ayisyen k'ap etidye nan yon peyi etrange.

sa fèm mal lè m'ap tande jan lavi chè ak grangou ap devore pèp mwen an.
Mwen konseye pèp la, pa kraze brize paske to ou ta nou va peye sa. Nou chak gen responsabilite pa nou pou nou pran pou sitiyasyon an ka change.

Si mwen menm m'ap etidye pou vinn pote apui pam, nou menm an nou chak chèche ki sa nou ka fè.

1-se pou gouvènman an degajel mete tè ki pap travay yo disponib
a) Pou fè jaden
b) Pou fè endustri, faktori

2-Se pou li fè yon bon refom agrè pou moun ki konn travay latè yo ka travay.

3-Se pou gouvènman finanse gwo biznis yo pou yo ka desann pwodui yo.

4-Se pou nou menm ki konn travay pa rete san fè anyen nan kapital la ou vil pwovens yo. Degaje nou an al travay jaden pou ka gen mange pou pwodui ka desann.

Gen lot pwopozisyon men pwochènn fwa ma di plis paske mwen pat pare pou yon tèl bagay.

Mwenpa gen anpil tan kounyè a.

Albert Taylor, April 10 2008, 3:19 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >