Sa fe la pen

< Previous | Home | Next >

Mon Che Prezidan,

Gade tet ou an plas. Se yon lajan ki tonbe ki fe yo ap itilize ti pep la pran la ri. Yo we genyen anpil lajan ki dekese yo we peyi pral debloke kom se patisan anti changman yo deye kraze sa. Sa fe m la pen pou mwen kijan piti peyi a ap aji konsa.

Kisa limye siyalisasyon genyen pou we ak la vi che. Se pou yo meye depoze kat telefon pou yo ale plante la te paske nou ka genyen pwoblem pou nou achte pwodwi nou enpote men nou pa ta dwe genyen pwoblem pou nou banan - patat tout sa nou ka pwodwi.

Yi konsey mwen ka ban ou se pou desan pri angre epi voye agronm pou ankadre peyizan yo pou nou ka jwen manje.

Se pwoblem nan le mond tout kote genyen pwoblem pri manje ap monte.

O kontre nan peyi nou pa ta sipoze genyen problem sa si yo te pran desisyon tounen lakay pou nou ale plante.

Vant yo se nan Etazini li ye. men koulyea chak mwa genyen plis pase 80,000 mil moun ki pedi travay yo. Se konmansman pwoblem yo. Tout la sent jounen voye pou mwen, si yo pedi travay yo kote yo pral jwen pou yo voye ayiti.

Pwoblem lan grav.

Mete gazon sou ou, pa baw demisyon, Men baw yo chans paske si ou ale yo nan tet chaje pi red.

Kenben la map kontinye priye pou ou.

epi li ta enteresan pou ou ta fe yon anke pou jwen ti van peyi sa yo, yo pa anpil.

Siman yo gentan genyen visa yo nan men yo deja.

El, April 9 2008, 12:30 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >