onavil

< Previous | Home | Next >

Monsieur Le President,

Kijan ou ye, mwen rete kwe ke wap vanse sou chemen pou nou yon jou lespwa tounen nan ti Peyi sa mwen renmen anpil la, mwen map pedi lespwa.

Denyen fwa mwen te ekri se konsenan kek infrakstriti pou panse mete nan Onav, paske Gouvenman an bezwen lajan pou pemet li vanse, si travay sa yo rive fet mwen panse tou pwopriete kay nan Onavil yo ap kontinye paye lwaye yo jan yo te konmase fe sa. Dlo - kouran deja la, mwen panse se finalize travay yo epi panse pou mete yon Pos Polis nan zon lan pou kwape vagabon ki deye fe desod, rout la tou fini kraze paske yo pat panse ak oken plan pou bloke te kap desann soti nan mon kabrit le lapli vini se sak fe rout andan Onavil la vin krase net.

Mwen konte sou w anpil Mesye Preval pou manyen travay sa yo, se lajan kap pedi, paske tout moun te oblije fenmen kay yo pou ale lwe lot kay lavil, sa pa bon ditou.

Se pwoje mwen rete kwe se yon defi ou ka leve, paske mwen garanti w ke tout moun yo deside peye kay yo olye ya l rete nan lavil la. Se bon ti zon si ou pase yon nwit nan Onavil ou pap janm mande domi lot kote.

Mwen kontan anpil sou travay ou konmanse fe sou kwape moun ki pa fe travay yo genyen pou fe ak tout sa ki lage kow yo nan koripsyon.

Kontinye sou chemen sa mwen panse na jwen sa nou bezwen a. Men jan mwen di w la fok ou plis veyatif.

Kenben la, Granmet la avek ou pa lage.

Se yon Citoyenen ki pap viv nan peyi pou yon ti tan e ki ap swiv tout sa ki ap pase nan peyi a.

Elda, October 5 2007, 10:08 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >