Kreye factory pou asamble machandiz pou yon lot peyi ki...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 24761

Kreye factory pou asamble machandiz pou yon lot peyi ki konsidere teritwa pa ou kom poubel se sa ou rele kreye job. Konbyen factori manje ke Baker kreye pou bay Ayisyen manje.

Pou ki sa li dwe itilize kouraj Ayisyen pou anrichi yon lot peyi. Pouki sa li pa kreye factori pou pwodwi bagay ke pep la bezwen an Ayiti.

Pou ki sa Ayiti dwe yon peyi depandan de Etazini.

Ou pa we Bill Clinton di ke Ayiti ka pwodwi bon jan mango pou vann pep Ameriken nan Nouyok e li pa di nap ede Ayisyen pwodwi mango pou li fe ji pou Ayisyen an Ayiti e lot lot pwodwi ki soti de mango pou ede pep la kap soufri malnitrition.

E ki moun ki pral jwen kontra sa yo se Baker epi nap voye enpote ji mango nan peyi etazini ki fet an Ayiti tankou diri madan Gougous.

Se kon sa kapitalis Meriken pran kontra e rantre 40% riches mond lan la lakay li. Ti fre ouvri je ou pou ou konpran sa kap pase la. Se pa pousa Dessalines te ba nou lendepandans.

Si se konsa pito nou fe nou yon teritwa Ameriken oubyen British...

Bacouba Pwelnando, November 6 2010, 5:33 PM

Topic: Kréyé antrépriz,epi na konprann

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Kreye factory pou asamble machandiz pou yon lot peyi ki konsidere teritwa pa ou kom poubel se sa ou rele kreye job... read more >
Bacouba Pwelnando, 6-Nov-10 5:33 pm

 

< Previous | Home | Next >