suggestion sur la gestion d'Haïti

< Previous | Home | Next >

Mesye prezidan, jodi a mwen kontan nan non Granmèt la pou m ekri w kèk mo pou m raple ke Ayiti se pou nou se nou menm ki pou lite pou chanje eta l paske se ou menm nou te chwazi men kounye nou wè ou vle kite zago loray, lafèktè, kidnapè, vòlè ak tout kalite move lawon kraze bèl peyi m nan. Peyi m nan gen espwa men espwa se kay jenès la li ye, ki kote ou lage plan jenès, ki kote ou lage plan pwodiksyon lokal la, w ap pale de pwodiksyon lokal ou pa vle antre nan depatman latibonit ki ka kouvri prèske 60% pwodwi alimantè peyi. Ann pran konsyans pou n dirije peyi a ak yon onètete pou lòt peyi ka respekte nou. Pou lè nou gen yon pwoblèm ki rive se pa kay lòt nasyon yo pou n al fè basès pou mete nan kwi nou. Ann fè yon plan de prevwayans pou nou ka rive satisfè nasyon paske nasyon se mizè l ap pase pou kounye.

Mwen se yon jèn m ap lite pou m pa viv nan mizè men jan peyi ap mache sanble m ap anvlope pou rete nan mizè paske moun k ap dirije peyi pa vle pran konsyans pou yo fè sa y ap fè san yo pa fè kòripsyon.

Ou se figi peyi a, ou dwe demontre ke ou se figi peyi a. Tout vagabon, kidnapè, vòlè, rat pa kaka ki vle mete peyi sou wout ki gen falèz la mete koukouwouj dèyè yo epi w ap swiv w ap wè peyi pran yon lòt vwa ki se vwa de devlopman.

Ankadre jenès la, egzekite plan jenès, mete enfrastrikti pou jenès la epi w ap wè jan Bondye pral kontan epi l ap fè w diri lontan e l ap fè jenerasyon pa w la gen chans pou dirije peyi nan nenpòt sikonstans.

Mwen se Frantzo Alcidé.

Frantzo Alcid, December 9 2008, 7:40 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >