Jean-Marie, Mwen byen kontan li mesaj ou an. Mwen se yon pitit
With respect to Me youn plan devlopman dirab pou Ayiti, Jean-Marie,
Mwen byen kontan li mesaj ou an. Mwen se yon pitit peyzan.
M-pa santi mwen alèz pou-m idantifie mwen kòm pòv paske sa tro lèd, men mwen pa rich e mwen pa gen dezi sa-a.
Mwen konprann apròch ou an trè byen, men mwen gen anpil dout sou lide pou konbat povrete atravè yon lòt enstans ki pral fè ogmante ankò pi plis depans Leta. Mwen kwè ke gen Ministè Afè sosyal ak Ministè Agrikilti ki kapab jwe ròl la.
Mwen pa bliye istwa èsklavaj nan Sendomeng.
Kolon blan yo te fè zansèt nou yo travay nan move kondisyon pou anrichi yo. Men jodia-a gras a san zansèt nou yo kite koule pou te ban nou endepandans, nou ka chwazi fason pou nou travay san okenn kontrent.
Yonn nan bagay ki detrui agrikilti nan peyi se enpotasyon produi etranje ki vann mwen chè ke produi nasyonal yo sou mache-a. Leta ta dwe takse produi sa yo.Taks sa yo te kap itilize pou sibvansyone agrikilti ak elvaj nan peyi-a.
Tout manje nap konsome soti nan agrikilti ak elvaj.
Si nou pa pwodui fok nou gen lajan pou achte.
Si nou pa kap fè yonn nan yo, nou pral mouri ak grangou.
Enpi tou, plis nou santi nou konfotad nan resevwa manje gratis ti cheri nan men etranje, chak fwa nou grangou, pi plis tou, nap anfonse nan pauvrete.
Kesyon enpòtan ke chak ayisyen dwe chèche reponn jodi-a, se: Ki ankadreman Leta dwe bay agrikiltè ak elvè yo, pou motive yo nan kad relansman agrikilti ak elvaj nan peyi-a?
A yon lòt okazyon.
The topic is: Me youn plan devlopman dirab pou Ayiti
This is a reply to Msg 9536
Posted by Ti Jas on July 20 2008 at 4:50 PM
Responses
Le dossier de la pauvreté Pètèt konm prezidan DAyiti ou pa jwenn tan pou literati, men wa sonje byen ke se OUMENM ki te more »
Lide pou yo ogmante ministè yo, se yon bagay kipa bon ditou lè nou konsidere kantite lajan you ministè koute peyi-a, aloske more »
Mèsi anpil Ti Jas pou répons ou, paske ou wè lOt fason pou konbat LA PAUVRETE.Men nou dwe konprann ke povrete ayisièn more »
Hi TiJas Mwen tounen ankO sou zafè kreyasyon lOt srtucture pou jere pwoblèm koryas ki chita an Ayiti depi digdantan.Si ou chache more »
Jean-Marie, Mwen byen kontan li mesaj ou an. Mwen se yon pitit peyzan. M-pa santi mwen alèz pou-m idantifie mwen kòm pòv paske sa more »
MWEN sanpousan pou ankadreman peyizan yo ak èd teknik.Nou dwe bayo tè yo tou pou yo travay - PAS DE PAYSAN SANS TERRE - Nou dwe prevwa more »