Hi TiJas Mwen tounen ankO sou zafè kreyasyon lOt...

Jean-marie Leroy says...

Hi TiJas

Mwen tounen ankO sou zafè kreyasyon lOt srtucture pou jere pwoblèm koryas ki chita an Ayiti depi digdantan.

Si ou chache konnen saki fè Ayiti pOv depi kolon yo te kaze rak, wa konprann tou poukisa mwen mande pou kreye touswit youn sipè ministé pou jere kèsyon povrete a.Tou dabO pate janm genyen volonte saa pou ede moun ki pOv yo pou yo jwenn youn demen miyO.TrOp moun ap kouri dèyè pOs minis, trop moun vle tete nan manmèl Leta pou yo vwayaje tout tan, achte bèl kay ak menm sa yo pa bezwen.Monkonpè Ti Jas si ou konnen tout bon nan ki kondisyon moun bidonvil yo ap viv nan peyi Dayiti ou pata swete lOt bagay ke dirijan yo- en commençant par l' agronome-president- louvri je yo byen gran pou yo kounmanse travay sou dosye saa.
Kote'm chita nan peyi etranje kounnyè a map gade kijan pèp ayisyen an ap debatpou bezwen yo rele bezwen primè,ki vle di: manje, twouve dlo, swaye maladi, voye timoun lékOl.Poukisa youn prezidan ap vwayaje toupatou pou rankontre potanta G7, G8,Bank mondial, chita nan menm tab ak yo, epi apre sa ou pa wè anyen ki regle pou moun pOv yo?

Eske Konpè ti Jas ouka banm youn èsplikasyon?

Mwen fatige ak moun ki paske yo gen youn ti mwayen yap krache sou moun pOv yo. Yo pa konnen ke si pOv yo jwenn travay ak satisfaksyon bezwen èsansyèl yo, se tout sosyete ayisyèn kap vinn pifO e pi rich...

Ou mèt al reflechi sou sa jodiya.

Male

Jean-Marie

The topic is: Me youn plan devlopman dirab pou Ayiti
This is a reply to Msg 9532
Posted by Jean-marie Leroy on July 8 2008 at 11:44 PM

Messages in this topic

Lide pou yo ogmante ministe yo, se yon bagay kipa bon ditou le nou konsidere kantite lajan you ministe koute peyi-a, aloske lajan sa-a te kap itilize pou relanse agrikilti nan peyi-a. Premye Minis la ak Prezidan ta dwe okontre, analize kontribityon > >
Ti Jas, 7-Jul-08 11:58 pm
Mesi anpil Ti Jas pou repons ou, paske ou we lOt fason pou konbat LA PAUVRETE.Men nou dwe konprann ke povrete ayisien lan, nou paka konbat li ak menm zoui ki bay bon rezilta lOt kote..Wa sonje ke Sendomeng te rich anpil - ann di pito Kolon yo - p > >
Jean-marie Leroy, 8-Jul-08 7:19 am
Hi TiJas Mwen tounen ankO sou zafe kreyasyon lOt srtucture pou jere pwoblem koryas ki chita an Ayiti depi digdantan.Si ou chache konnen saki fe Ayiti pOv depi kolon yo te kaze rak, wa konprann tou poukisa mwen mande pou kreye touswit youn sipe mi > >
Jean-marie Leroy, 8-Jul-08 11:44 pm
Jean-Marie, Mwen byen kontan li mesaj ou an. Mwen se yon pitit peyzan. M-pa santi mwen alez pou-m idantifie mwen kom pov paske sa tro led, men mwen pa rich e mwen pa gen dezi sa-a. Mwen konprann aproch ou an tre byen, men mwen gen anpil dout so > >
Ti Jas, 20-Jul-08 4:50 pm
MWEN sanpousan pou ankadreman peyizan yo ak ed teknik.Nou dwe bayo te yo tou pou yo travay - PAS DE PAYSAN SANS TERRE - Nou dwe prevwa tou Wout pou transpOte pwodwi yo nan zOn urben yo kote yo ka vann yo ou ekspOte yo aletranje.Plizye ministe dwe tra > >
Jean-marie Leroy, 30-Jul-08 3:47 pm