Lide pou yo ogmante ministè yo, se yon bagay kipa bon

Relating to Me youn plan devlopman dirab pou Ayiti, Lide pou yo ogmante ministè yo, se yon bagay kipa bon ditou lè nou konsidere kantite lajan you ministè koute peyi-a, aloske lajan sa-a te kap itilize pou relanse agrikilti nan peyi-a. Premye Minis la ak Prezidan ta dwe okontrè, analize kontribityon chak ministè nan devlopman peyi-a pandan yap konpare kontribisyon yo ak lajan yo koute peyi-a, e pran mezi pou élimine sèten nan yo si nesesè.

Moman peyi-a ap viv konniè-a mande pou dirijan yo fè yon jesyon rationèl ak resous finansyè ke peyi-a dispoze.

Nou pa kap mande charite pou nap depanse ninpot koman.

Se pa serye.

Olye nap kreye ministès pou pov pandan pov pap travay, ankadre pov peyisan
atravè ministè agrikilti pou yo kap travay latè.

Se sèl fason nou kap rive konbat povrete nan peyi-a. Sinon nan ane kap vini yo pèp ayisyen apral pi grangou.

Sa ke-m di la, mwen kap bay kèk egzanp: Nan dépatman Nodès (nan plèn Maribarou: Ferrier ak Ouanaminthe) gen anviron 25 de sa, li tap trè difisil pou ou ta jwenn yo moso tè ki pa gen swa diri, mayi, pistach, kann, patat, etc sou li. Nan moman map ekri la-a, an majè pati, tè sa yo pa kiltive.

Sepandan popilasyon pa sispann ogmante.

Koman nou kap konbat povrete nan yon sityasyon
parèy?

Si mwen pale de Maribarou, se paske se la ke mwen soti. Se yon zonn ke-m konnen.

Men mwen kwè ke se pa sèlman zonn sa-a ki gen pwoblèm sa yo.

The topic is: Me youn plan devlopman dirab pou Ayiti
This is a reply to Msg 9476
Posted by Ti Jas on July 7 2008 at 11:58 PM

Responses

Jean-marie Leroy says...

Le dossier de la pauvreté Pètèt konm prezidan DAyiti ou pa jwenn tan pou literati, men wa sonje byen ke se OUMENM ki te more »

Reply   ... More

Ti Jas says...

Lide pou yo ogmante ministè yo, se yon bagay kipa bon ditou lè nou konsidere kantite lajan you ministè koute peyi-a, aloske more »

Reply   ... More

Jean-marie Leroy says...

Mèsi anpil Ti Jas pou répons ou, paske ou wè lOt fason pou konbat LA PAUVRETE.Men nou dwe konprann ke povrete ayisièn more »

Reply   ... More

Jean-marie Leroy says...

Hi TiJas Mwen tounen ankO sou zafè kreyasyon lOt srtucture pou jere pwoblèm koryas ki chita an Ayiti depi digdantan.Si ou chache more »

Reply   ... More

Ti Jas says...

Jean-Marie, Mwen byen kontan li mesaj ou an. Mwen se yon pitit peyzan. M-pa santi mwen alèz pou-m idantifie mwen kòm pòv paske sa more »

Reply   ... More

Jean-marie Leroy says...

MWEN sanpousan pou ankadreman peyizan yo ak èd teknik.Nou dwe bayo tè yo tou pou yo travay - PAS DE PAYSAN SANS TERRE - Nou dwe prevwa more »

Reply   ... More